Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Nan jou ki te 8 desanm 2013 la, yo te fè gradyasyon 30yèm klas pou “Lekòl biblik pou frè selibatè” a nan lang kreyòl ayisyen an Repiblik Dominikèn. Kèk nan frè sa yo te resevwa asiyasyon pou y al preche Obòy, Chadònyè ak sou zile Latòti. Zòn sa yo ann Ayiti chaje ak moun, tandiske gen nan zòn sa yo ki pa gen anpil Temwen Jewova oswa ki pa gen Temwen ditou. Nou gen konfyans Mèt rekòt la pral beni travay la nan nouvo tèritwa sa yo.
Jezi te di jaden an, se monn nan (Mat. 13:38). Gwoup kreyòl ayisyen ki nan vil Kito nan peyi Ekwatè te jwenn bon rezilta nan tèritwa pa yo nan “jaden” an. Gwoup sa a ki gen 19 pwoklamatè te kontan resevwa 49 moun ki te vin asiste reyinyon piblik yo te fè pandan dènye vizit siveyan sikonskripsyon an. Yo pral met sou pye yon dezyèm gwoup kreyòl nan pati sid vil Kito a. Lè n ap gade travay k ap fèt nan jaden an sou tè a, li klè “rekòt la vrèman anpil”. — Lik 10:2.