Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Novanm ak desanm: Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oswa youn nan feyè sa yo: Èske moun mouri ka leve vre?, Èske soufrans ap janm fini?, Ki sa demen sere pou ou?
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2015 lan nan semèn 6 avril. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen ki gen asanble nan wikenn sa a ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 6 avril.
◼ Apati mwa septanm, siveyan sikonskripsyon yo pral bay diskou piblik sa a ki gen tit: “Fason nou jwenn byenfè grasa sajès Bondye.”