Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Nou kontan fè n konnen nou te anrejistre kat nouvo maksimòm pou mwa mas la. Nou te anrejistre nouvo maksimòm sa yo nan kantite peryodik nou te plase (498 625), nan kantite nouvèl vizit nou te fè (160 115), nan kantite etid biblik nou te kondui (42 928) ak nan kantite pyonye nou yo. Lespri pyonye a kontinye ap vale teren nan peyi a! Pou ane sèvis sa a, nou te anrejistre senk nouvo maksimòm youn dèyè lòt nan kantite pyonye pèmanan nou yo. Kounye a, nou gen 2 377 pyonye pèmanan k ap sèvi ann Ayiti.