BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/15 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2015
Ministè Wayòm nan — 2015
km 9/15 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Novanm ak desanm: Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen tout nouvo feyè nou genyen an kreyòl yo.

◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2016 la nan semèn 28 mas 2016. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen ki gen asanble nan wikenn sa a ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 28 mas.

◼ Jan chif ki vin apre yo montre sa, gen anpil travay k ap fèt nan peyi ki gen kongregasyon kreyòl ayisyen. Panama: gen yon gwoup ki gen 14 pwoklamatè batize. Ekwatè: gen yon gwoup ki te kòmanse 11 me 2010 ki gen 30 pwoklamatè k ap kondui 60 etid biblik. Te gen 179 moun nan Memoryal 2015 lan. Brezil: kounye a, gen 10 kongregasyon ak 35 gwoup. Frè ak sè yo kondui 740 etid biblik. Te gen 858 moun ki te asiste Memoryal la ane sa a. Ladominik: gen 35 pwoklamatè ki nan yon kongregasyon ak yon gwoup. Pwoklamatè sa yo zele nan fè etid biblik. An desanm 2014, yo te kondui plis pase 110 etid biblik.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje