Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Pwoklamatè yo te okipe anpil nan travay predikasyon an pandan mwa mas la, jan nouvo maksimòm nan kantite etid biblik la montre sa, chif la se 44 816. Pa gen dout, nou jwenn bon rezilta sa a sitou grasa nouvo maksimòm ki gen nan kantite vizit nou te fè pandan mwa sa a, chif la se 164 313. Anplis de sa, lefètke nou kontinye mete aksan sou nesesite pou n preche nan nouvo tèritwa oswa nan tèritwa nou pa preche souvan, nou vin gen yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye espesyal ak misyonè ki gen nan peyi a, chif la se 327.