Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 26 oktòb 2015, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Kòman istwa ki nan 2 Wa 13:18, 19 la montre enpòtans pou nou zele nan sèvis n ap bay Jewova e pou nou fè sa ak tout kè nou? [7 sept., w10 15/4 p. 26 § 11]
Kiyès ki t ap dirije kòm wa ann Izrayèl nan epòk Yona t ap sèvi kòm pwofèt la, e ki sa nou ka aprann sou ministè Yona selon sa yo rapòte nan 2 Wa 14:23-25? [7 sept., w09-F 1/1 p. 25 § 4]
Kòman Ahaz te montre li manke konfyans nan pawòl Bondye te sèvi ak pwofèt Izayi pou l di a, e ki kesyon nou ka poze tèt nou lè n ap pran desizyon ki enpòtan? (2 Wa 16:7) [14 sept., w13 15/11 p. 17 § 5]
Ki taktik Rabchake a te itilize moun ki opoze ak pèp Bondye a itilize jodi a, e ki kalite k ap ede nou rejte fo rezònman opozan yo ap fè? (2 Wa 18:22, 25) [14 sept., w10 15/7 p. 13 § 3-4]
Ki jan egzanp imilite Yochiya kite a ka ede nou pi byen pwofite lekti n ap fè nan Bib la ak etid n ap fè ladan l? (2 Wa 22:19, 20) [21 sept., w00-F 1/3 p. 30 § 2]
Ki jan akeyològ yo pwouve de wa yo mansyone nan 2 Wa 25:27-30 lan te egziste vre? [28 sept., w12-F 1/6 p. 5 § 2-3]
Ki twa bagay Yabèts te mande Jewova, e ki sa sa aprann nou sou lapriyè? (1 Kwo. 4:9, 10) [5 okt., w10-F 1/10 p. 23]
Jan bagay yo te pase nan lagè yo mansyone nan 1 Kwonik 5:18-22 a, nan ki sans sa ban nou fòs pou n kontinye konba espirityèl n ap mennen an avèk kouraj? [12 okt., w05 1/10 p. 9 § 7]
Poukisa David te ka konprann e li te ka respekte prensip ki kache dèyè lwa Jewova te bay sou san an ki sakre e ki sa egzanp David la dwe pouse n fè? (1 Kwo. 11:17-19) [19 okt., w12 15/11 p. 6-7 § 12-14]
Ki sa David te neglije fè lè li t ap eseye pote lach alyans lan nan vil Jerizalèm, e ki leson enpòtan nou ka aprann nan istwa sa a? (1 Kwo. 15:13) [26 okt., w03 1/5 p. 18 § 11-13]