Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Novanm ak desanm: Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen tout nouvo feyè nou genyen an kreyòl yo. Janvye: Bon nouvèl Bondye bay la!, Koute Bondye, Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Nan peyi Etazini, gen 8 125 pwoklamatè k ap sèvi nan 111 kongregasyon kreyòl ayisyen.
◼ Depi plizyè mwa, nou voye kèk gwoup pyonye espesyal tanporè nan yon seri komin ki pa gen okenn pwoklamatè, tankou Bomon, Chansòl ak Milo. Sa fè bon nouvèl Wayòm nan gaye nan nouvo tèritwa ki anba direksyon filyal Ayiti a.