BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 oktòb p. 5
  • Sajès pi bon pase lò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sajès pi bon pase lò
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Vrè sajès la ap rele byen fò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Èske w demontre ou gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi w?
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • “ Tout trezò sajès ”
    “Vin suiv mwen”
  • ‘Ala anpil sajès Bondye genyen yo anpil!’
    Annou pwoche bò kote Jewova
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 oktòb p. 5

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 12-16

Sajès pi bon pase lò

Édition imprimée
Yon balans ki gen yon woulo ki pi lou pase yon seri pyès lò

Sa k fè sajès ki soti nan Bondye a gen tout enpòtans sa a? Li delivre moun ki genyen l yo nan move chemen e li pwoteje lavi yo. Li gen yon bon efè sou mantalite yo, pawòl yo ak aksyon yo.

Sajès pwoteje moun kont ògèy

16:18, 19

  • Yon mesye ki awogan

    Yon moun ki gen sajès rekonèt se nan Jewova tout sajès soti

  • Moun ki reyisi nan sa y ap fè oswa yo bay plis responsablite dwe veye sou tèt yo espesyalman pou yo pa vin gen ògèy e pou yo pa vin awogan

Sajès fè moun kontinye di bon pawòl

16:21-24

  • Yon mesye k ap pale ak yon lòt k ap koute l

    Yon moun ki gen sajès itilize bon konprann li genyen pou l chèche sa ki bon lakay lòt moun e pou l pale byen de yo

  • Pawòl ki saj yo konvenk moun e yo dous tankou siwo myèl, yo pa di ni yo pa mete kont nan mitan moun

ÈSKE W TE KONNEN?

Yon gato myèl

Siwo myèl se yon bagay kò moun dijere fasil e li bay fòs byen rapid. Li gen anpil valè paske li dous e li bon pou lasante.

Menm jan siwo myèl bon pou kò moun, se konsa bèl ti pawòl yo rebay moun fòs nan domèn espirityèl.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje