TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 29-33
“Gen yon wa ki pral dirije pou sa ki jis fèt”
Jezi, Wa a, bay “prens”, oswa ansyen, pou pran swen twoupo a
Menm jan ak “yon kote pou moun kache lè gen van”, yo fè efò pou yo pwoteje twoupo a anba van pèsekisyon ak dekourajman
Menm jan ak “rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk”, yo rafrechi moun ki swaf nan domèn espirityèl yo lè yo ba yo dlo laverite a ki pwòp e ki pa melanje
Menm jan ak “lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk”, yo fè twoupo a jwenn soulajman lè yo ba l direksyon ak ankourajman nan domèn espirityèl