22-28 me
JEREMI 44-48
Kantik 70 ak priyè
Pawòl entwodiksyon (3 minit oubyen mwens)
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Sispann ‘chèche gwo bagay pou tèt ou’”: (10 min.)
Jr 45:2, 3 — Move panse Bawouk te genyen yo te fè l soufri anpil (jr-F 104-105 § 4-6)
Jr 45:4, 5a — Jewova te montre li bon anvè Bawouk lè l te korije l (jr-F 103 § 2)
Jr 45:5b — Lavi Bawouk te epaye paske l te konsantre sou sa k pi enpòtan an (w16.07 4 § 6)
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl: (8 min.)
Jr 48:13 — Poukisa moun Mowab yo t ap “wont pou Kemòch”? (it-2-F 91-92)
Jr 48:42 — Sa k fè jijman Jewova te deklare kont Mowab la fòtifye lafwa nou? (it-2-F 305 § 3)
Ki sa w te aprann sou Jewova nan lekti Labib pou semèn sa a?
Ki lòt trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
Lekti Labib: (4 minit oubyen mwens) Jr 47:1-7
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Premye rankont: (2 minit oubyen mwens) hf — Poze baz pou yon nouvèl vizit.
Nouvèl vizit: (4 minit oubyen mwens) hf — Poze baz pou pwochen vizit la.
Etid biblik: (6 minit oubyen mwens) lv 199 § 9-10 — Pran yon ti tan pou w montre etidyan an ki jan pou l fè rechèch sou yon eprèv l ap travèse.
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Jèn, pa chèche gwo bagay pou tèt nou: (15 min.) Pase videyo Kesyon jèn yo poze — Ki sa m ap fè ak lavi m? — Lè m gad dèyè, e apre sa, fè yon ti pale sou videyo a.
Etid biblik kongregasyon an: (30 min.) kr “Seksyon 4 — Viktwa Wayòm nan: Nou fè rekonèt bon nouvèl la devan lajistis”, chap. 13 § 1-10
Sa n wè semèn sa a ak sa n ap wè lòt semèn (3 min.)
Kantik 17 ak priyè