BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 jen p. 2
  • Jis nan ki pwen w gen lafwa nan pwomès Jewova yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jis nan ki pwen w gen lafwa nan pwomès Jewova yo?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Pawòl Jewova pa janm echwe
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Pwomès ou ka fè konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 jen p. 2

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jis nan ki pwen w gen lafwa nan pwomès Jewova yo?

Jozye ak Salomon fè nou wè byen klè pa gen yon pawòl nan bèl pwomès Jewova te fè yo ki pa t reyalize (Joz 23:14; 1Wa 8:56). Temwayaj de moun sa yo, nou fè konfyans, pèmèt nou gen yon baz solid pou lafwa nou. — 2Ko 13:1; Tt 1:2.

Ki jan Jewova te reyalize pwomès li te fè nan epòk Jozye a? Gade videyo ‘Pa gen yon pawòl li ki pa reyalize’ a ansanm ak fanmi w. Apre sa, egzamine kesyon ki vin annapre yo: 1) Ki jan n ka montre nou gen lafwa menm jan ak Rahab (Eb 11:31; Jk 2:24-26)? 2) Lè moun chwazi pa obeyi Jewova, sa fini mal pou yo, ki jan egzanp Akan an montre nou sa? 3) Malgre mesye Gabawon yo te konn fè lagè, poukisa yo te twonpe Jozye e yo te fè lapè ak Izrayèl? 4) Ki jan Jewova te kenbe pawòl li lè senk wa Amorit yo te menase Izrayèl (Joz 10:5-14)? 5) Ki jan Jewova ede w toutpandan w ap mete Wayòm li an an premye nan lavi w epi w ap fè sa ki jis nan je l an premye? — Mt 6:33.

Lè nou reflechi sou tout sa Jewova deja fè, sa l ap fè ak sa l pral fè, nou vin gen plis lafwa nan pwomès li yo. — Wm 8:31, 32.

Jozye

Èske w gen lafwa menm jan ak Jozye?

KÈK KESYON POU N MEDITE SOU YO:

  • Ki pwofesi Bib la anonse ou wè k ap reyalize nan epòk nou an?

  • Ki pwofesi w ap tann reyalize?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje