LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Lanmou idantifye vrè kretyen yo: Li pa egoyis e li pa fè kòlè fasil
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Jezi te fè konnen se lanmou ki t ap fè moun rekonèt disip li yo (Jan 13:34, 35). Pou nou ka demontre lanmou menm jan ak Kris, nou dwe chèche enterè lòt moun epi pa fè kòlè fasil. — 1Ko 13:5.
FASON POU NOU FÈ L:
Lè yon moun di oswa fè nou yon bagay ki fè nou mal, pran yon ti poz pou nou chèche wè sa ki lakòz pwoblèm nan ak sa k ka rive si n fè sa n santi n ta fè a. — Pw 19:11.
Sonje nou tout nou enpafè, e detanzantan nou di oswa fè yon seri bagay nou regrèt annapre.
Rezoud pwoblèm yo byen vit
GADE VIDEYO SE POU “NOU GEN LANMOU NAN MITAN NOU” — PA EGOYIS, PA FÈ KÒLÈ FASIL, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Nan ki sans Larry te mal reyaji lè Tom te fè l sijesyon an?
Lefètke Tom te pran yon ti tan pou l reflechi, kòman sa te ede l pou l pa kouri fache?
Lefètke Tom te reponn avèk dousè, kòman sa te kalme sitiyasyon an?
Ki jan nou ede kongregasyon an lè nou rete kalm lè yo pwovoke nou?