LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Konduit ki pwòp ak gwo respè touche kè lòt moun
Lè yon fi ki te deja marye vin pran laverite, byen souvan, se bon konduit li ki fè mari l vin nan laverite. Sepandan, madanm nan ka oblije fè plizyè ane ap andire anba eprèv (1P 2:21-23; 3:1, 2). Si w ap soufri san rezon, kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen (Wm 12:21). Bèl egzanp ou bay ka gen plis efè lontan pase tout sa w ka di mari w sou Jewova.
Eseye wè bagay yo menm jan ak mari w (Fp 2:3, 4). Mete w nan plas li e montre w gen konpasyon pou li, fè anpil efò pou w byen jwe wòl ou antanke madanm. Byen koute mari w lè l ap pale (Jk 1:19). Se pou w pasyan epi montre l jan w renmen l. Menmsi l pa janm trete w avèk jantiyès ak respè menm jan w fè sa, ou mèt gen asirans Jewova bay fidelite w anpil valè. — 1P 2:19, 20.
GADE VIDEO JEWOVA BAN NOU FÒS POU N POTE CHAY NOU, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Ki jan lavi a te ye pou Grace Li yon ti tan apre l fin marye?
Ki sa k te fè l anvi vin konn verite ki nan Bib la?
Ki jan sè Grace Li te kontinye andire eprèv li te jwenn apre l fin batize?
Ki priyè sè Grace Li te fè konsènan mari l?
Ki benediksyon sè Grace Li te jwenn lefètke l gen yon konduit ki pwòp ak gwo respè pou mari l?
Yon konduit ki pwòp ak yon gwo respè gen gwo efè!