TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 23-24
Nou pa dwe suiv pifò moun
Jewova te avèti temwen ak jij nan tribinal yo pou yo pa bay fo temwayaj e pou yo pa fè jijman ki pa jis. Sa aplike nan lòt domèn nan lavi nou. Kretyen yo jwenn presyon toutan pou yo konfòme yo ak panse e ak konduit monn sa a ki pa gen respè pou Bondye. — Wm 12:2.
Poukisa li pa saj pou n ap suiv pifò moun lè
nou tande yon rimè oubyen yon tripotay ki pa fonde?
n ap chwazi rad pou n mete, fason pou n fè cheve nou oswa detant n ap pran?
n ap panse e boule ak moun ki pa gen menm ras, menm kilti ak nou oubyen ki pa gen menm nivo ekonomik avèk nou?