LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Se pou nou gen konfyans nan lanmou fidèl Jewova
Ou gen anpil valè pou Jewova (Eza 43:4). Li te atire w vin jwenn li e pou w vin nan òganizasyon l lan. Kòm rezilta, lè w te vwe lavi w e w te batize, ou te vin pou Jewova. L ap pran swen w antanke byen espesyal li, menm lè bagay yo difisil anpil. L ap montre lanmou fidèl pou ou pa mwayen òganizasyon l lan. — Sm 25:10.
Nou ka ogmante apresyasyon nou pou lanmou fidèl Jewova, lè nou egzamine fason òganizasyon l lan te pote èd nan moman katastwòf natirèl yo nan jou ki pase yo.
GADE VIDEYO KI GEN TIT RAPÒ KOMITE KOWÒDONATÈ YO POU ANE 2019 LA, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki fason Komite Kowòdonatè yo te prepare biwo filyal yo toupatou nan monn nan pou fè fas ak katastwòf natirèl?
Ki fason òganizasyon Jewova a te bay direksyon e l te pote sekou nan peyi Endonezi ak Nijerya?
Ki sa w te apresye nan sa òganizasyon an te fè pandan pandemi COVID-19 la?