BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb24 novanm p. 2-16
  • 4-10 novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 4-10 novanm
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
mwb24 novanm p. 2-16

4-10 NOVANM

SÒM 105

Kantik 3 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Peyi Bondye te pwomèt la. Foto ki ansanm: 1. Abraram. 2. Izarak. 3. Jakòb.

1. “Li sonje alyans li te fè a pou toutan”

(10 min.)

Jewova te fè Abraram yon pwomès e li te fè Izarak ak Jakòb menm pwomès sa a (Jen 15:18; 26:3; 28:13; Sm 105:​8-11)

Sa te ka parèt enposib pou pwomès sa a reyalize (Sm 105:​12, 13; w23.04 28 § 11-12)

Jewova pa t janm bliye alyans li te fè ak Abraram nan (Sm 105:​42-44; it-2 493 § 3)


MANDE TÈT OU: ‘Lefètke m konnen m ka fè Jewova konfyans nèt, ki jan sa ede m?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 105:​17-19 — Ki jan “pawòl Jewova a” te fè Jozèf vin bon nèt? (w86 1/11 19 § 15)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Sm 105:​24-45 (th leson 5)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Moun nou rankontre nan kay la okipe. (lmd leson 2 pwen 5)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) KAY AN KAY. Fini konvèsasyon an ak yon pawòl pozitif lè moun nan kòmanse fè diskisyon. (lmd leson 4 pwen 5)

6. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon peryodik sou yon sijè ki te deja enterese l. (lmd leson 8 pwen 3)

7. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Pale ak moun nan konsènan aplikasyon JW Library a, epi ede l telechaje l. (lmd leson 9 pwen 5)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 84

8. Demontre lanmou pou Pitit Gason Jewova a

(15 min.) Konvèsasyon.

Lè n sèvi ak tan nou, fòs nou ak lajan n genyen pou n soutni travay Wayòm nan, nou demontre lanmou pou Jezi Kris, Pitit Gason Jewova a ki Wa. Lè nou demontre lanmou pou Jezi nan fason sa a, sa fè n vin pi pwòch ak Jewova e sa bon pou frè n ak sè n yo (Jan 14:23). Seri atik “Fason n itilize ofrann nou yo” ki sou sit jw.org la montre fason ofrann nou yo ede frè ak sè nou yo toupatou sou tè a.

Men yon moun k ap met ofrann nan yon bwat ofrann. Foto ki ansanm: 1. Yon frè ki kanpe devan yon jij. 2. Yon sè k ap travay nan yon pwojè konstriksyon òganizasyon an. 3. Yon sè k ap gade yon videyo nan lang siy.

Pase VIDEYO Ofrann ou yo gen anpil pouvwa. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki jan fason yo itilize ofrann yo pèmèt frè ak sè nou yo defann dwa yo genyen pou yo lib pou yo adore Bondye?

  • Lefètke “bagay yo vin egal” grasa ofrann yo fè yo, ki jan sa pèmèt yo konstwi plis Sal Wayòm? — 2Ko 8:14

  • Ki avantaj sa bay lè yo sèvi ak ofrann yo fè yo pou yo tradui Bib la nan anpil lang?

Aprann plis sou entènèt

The “Donations” icon, which shows a hand holding a coin.

Ki jan w ka fè ofrann volontè pou w soutni travay Temwen Jewova yo? Klike sou lyen “Ofrann” ki anba paj akèy aplikasyon JW Library a. Nan anpil peyi, w ap jwenn yon seksyon FAQ ki mennen w nan yon dokiman ki gen tit: Faire un don en faveur des Témoins de Jéhovah — Questions fréquemment posées.

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 17 § 13-19

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 97 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje