BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb25 mas p. 4-5
  • 17-23 mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 17-23 mas
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2025
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2025
mwb25 mas p. 4-5

17-23 MAS

PWOVÈB 5

Kantik 122 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Rete lwen imoralite seksyèl

(10 min.)

Imoralite seksyèl kapab yon gwo tantasyon (Pw 5:3; w00 15/7 29 § 1)

Imoralite seksyèl bay lapenn ak remò (Pw 5:​4, 5; w00 15/7 29 § 2)

Rete lwen imoralite seksyèl (Pw 5:8; w00 15/7 29 § 5)

Yon sè refize bay yon jennonm nimewo telefòn li

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Pw 5:9 — Ki jan imoralite seksyèl ka fè nou pèdi “respè nou devan moun”? (w00 15/7 29 § 7)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Pw 5:​1-23 (th leson 5)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Envite yon moun ki pa t leve nan yon fanmi kretyen nan Memoryal la, epi sèvi ak sit jw.org la pou w montre l kote l ka asiste Memoryal la pi pre lakay li. (lmd leson 6 pwen 4)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Nan dènye vizit la, moun nan te aksepte envitasyon Memoryal la e li te montre l enterese nan mesaj nou an. (lmd leson 9 pwen 5)

6. Fason pou w fè disip

(5 min.) lff leson 16 Sa w te aprann, Revizyon ak Objektif. Lè etidyan an mande si Jezi te marye, montre l fason pou l chèche repons lan. (lmd leson 11 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 121

7. Sa w ka fè pou w rete pwòp lè w renmen

(15 min.) Konvèsasyon.

An jeneral, yo konsidere yon gason ak yon fi renmen lè yo “pase tan ansanm ak lè yo montre yo gen je youn pou lòt”. Yo ka pase tan ansanm an gwoup oswa an prive, an piblik oswa an sekrè, an pèsòn, nan telefòn oswa nan mesaj. Pou nou menm, renmen pa yon jwèt, men, se yon etap enpòtan kote de moun ap aprann konnen youn lòt anvan yo marye. Ki sa k ka ede jèn kou granmoun evite tonbe nan imoralite seksyèl pandan yo renmen? — Pw 22:3.

Yon frè ak yon sè ki pa jèn ki renmen, y ap pale ak kè kontan pandan y ap manje nan yon restoran.

Pase VIDEYO Preparasyon pou maryaj — 1ye pati: Èske m pare pou m gen yon mennaj? Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Poukisa yon moun pa ta dwe al nan renmen toutotan l pa pare pou l marye? (Pw 13:12; Lk 14:​28-30)

  • Ki sa w te renmen nan fason paran yo te ede pitit fi yo a?

Li Pwovèb 28:26. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki jan de moun ki renmen ka planifye davans pou yo evite sitiyasyon ki ka lage yo nan tantasyon?

  • Poukisa li saj pou de moun ki renmen pale davans sou limit byen klè y ap fikse nan fason y ap demontre afeksyon, tankou kenbe men ak bo?

Li Efezyen 5:​3, 4. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki sa de moun ki renmen dwe toujou sonje lè y ap pale nan telefòn oswa sou Entènèt?

8. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 24 § 1-6

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 3 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje