5-11 JANVYE
EZAYI 17-20
Kantik 153 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)
1. ‘Sa moun k ap piye sa n genyen yo ap jwenn’
(10 min.)
Bib la konpare lèzòm ak yon lanmè ki move (Eza 17:12; w18.06 7 § 16)
Nou atann pou anpil moun mal boule avèk nou akoz netralite nou (Jan 15:18, 19; w16.04 22 § 4)
Talè konsa, Jewova pral delivre nou anba men “moun k ap piye sa n genyen yo” (Eza 17:13, 14; ip-1 198 § 20)
2. Trezò espirityèl
(10 min.)
Eza 20:2 — Èske se toutbon Ezayi te mache toutouni nèt pandan twazan? (w06 1/12 11 § 1)
Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
3. Lekti Labib
(4 min.) Eza 19:1-12 (th leson 11)
4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon
(3 min.) KAY AN KAY. Pale sou youn nan verite ki nan apendis A nan bwochi Renmen moun nan ak yon moun ki marye. (lmd leson 2 pwen 3)
5. Pousuiv enterè moun yo
(4 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 8 pwen 4)
6. Diskou
(5 min.) lmd apendis A pwen 14 — Tèm: Bondye vle nou priye l. (th leson 8)
Kantik 148
7. “Sonje Mas Wòch ki te pwoteje nou an”
(10 min.) Konvèsasyon.
Jewova se Mas Wòch ki pwoteje nou an (Eza 17:10). Li delivre moun ki pran refij nan li yo (Sm 144:1, 2). Byenke Jewova pa toujou retire opozisyon nou jwenn yo, li toujou bay zanmi l yo sa yo bezwen pou yo andire. — 1Ko 10:13.
Youn nan fason nou montre nou sonje Jewova se lè nou obeyi l. Pase VIDEYO Ann aprann nan men zanmi Jewova yo — Anànya, Michayèl ak Azarya. Mande kèk timoun nou te chwazi alavans pou yo monte sou estrad la, epi poze yo kesyon ki annapre yo, oswa poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:
Ki jan Jewova te delivre zanmi l yo? — Dn 3:24-28
Ki jan Anànya, Michayèl ak Azarya te montre yo te zanmi Jewova?
Ki lè li difisil pou w obeyi Jewova?
Ki sa w ka fè pou w obeyi Jewova?
8. Rezève tan chak jou pou w aprann nan men zanmi Jewova yo
(5 min.) Konvèsasyon.
Yo te fè seri videyo Ann aprann nan men zanmi Jewova yo pou timoun ki fèk ap aprann li. Seri videyo sa a ede timoun yo konnen moun ki te renmen Jewova yo. Chak videyo ankouraje jèn yo pou yo “rezève tan chak jou pou yo aprann nan men zanmi Jewova yo”.
Ki jan w ka rezève tan chak jou pou w aprann plis bagay sou Jewova ak zanmi l yo?
Ki moun nan Bib la ou ta renmen aprann plis bagay sou yo, e poukisa?
9. Etid biblik kongregasyon an
(30 min.) lfb leson 50, entwodiksyon seksyon 9, ak leson 51