BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 fevriye p. 31
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?
    Repons Bib la bay
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 fevriye p. 31
Silenn ki fèt ak ajil ki gen non Bèlchaza ekri sou li a.

Silenn ki fèt ak ajil ki gen non Bèlchaza ekri sou li a. (Se vrè gwosè l sa.)

Èske w te konnen?

Ki prèv akeyològ yo jwenn ki montre Bèlchaza te egziste e li te wa nan Babilòn?

PANDAN plizyè ane, moun k ap kritike Bib la te fè konnen, wa Bèlchaza, liv Dànyèl la pale de li a, pa t janm egziste (Dàn. 5:1). Yo te kwè sa paske akeyològ yo pa t ka jwenn okenn prèv ki montre li te egziste toutbonvre. Men, sa te chanje an 1854. Sa k fè sa?

Nan ane sa a, gen yon konsil peyi Grann Bretay ki rele John George Taylor ki te egzamine yon seri dekonm nan vil Ou, yon vil ki te egziste nan tan lontan ki nan pati sid peyi Irak jodi a. Mesye sa a te jwenn plizyè silenn ki fèt ak ajil nan yon gwo fòtrès. Chak silenn sa yo te mezire anviwon 10 santimèt longè e yo te gen enfòmasyon ki te ekri nan yon ansyen lang ki grave sou yo. Sou youn nan silenn yo, te gen yon priyè kote yo te mande pou wa Nabonid, yon wa peyi Babilòn, ak Bèlchaza, pi gran pitit gason l lan, viv lontan. Menm moun k ap fè kritik yo te oblije dakò dekouvèt sa a pwouve Bèlchaza te egziste.

Sepandan, Labib fè konnen nonsèlman Bèlchaza te egziste, men tou li te yon wa. Yon lòt fwa ankò, kritik yo pa t ka kwè sa. Pa egzanp, gen yon syantifik anglè nan 19yèm syèk la ki rele William Talbot ki te fè konnen gen kèk moun ki di: “Bèlsawousou [Bèlchaza] t ap dirije nan menm peryòd ak Nabonid papa l. Men, pa gen okenn prèv ki montre sa.”

Laverite te parèt aklè lè enfòmasyon ki te ekri sou yon seri lòt silenn ki fèt ak ajil te montre, pandan yon tan, wa Nabonid, papa Bèlchaza, pa t nan kapital la pandan plizyè ane. Ki sa k te pase pandan l pa t la a? Men sa yon ansiklopedi (Encyclopaedia Britannica) fè konnen: “Lè Nabonid te kite peyi a [...], li te konfye Bèlchaza twòn nan ak pati ki pi enpòtan nan lame a.” Konsa Bèlchaza te vin ap dirije Babilòn tou nan menm peryòd la. Se sa k fè akeyològ Alan Millard, ki se yon lengwis tou, te fè konnen li nòmal pou “liv Dànyèl la rele Bèlchaza ‘wa’”.

Nòmalman, pou sèvitè Bondye yo, se Bib la ki bay pi gwo prèv ki montre liv Dànyèl la merite pou moun fè l konfyans e se Bondye ki enspire l. — 2 Tim. 3:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje