BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 jiyè p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • N ap tounen “yon wayòm prèt”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Jewova te anonse nouvo alyans lan
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 jiyè p. 31

Kesyon lektè yo poze

Ki lè Jezi te vin Gran Prèt, e èske gen yon diferans ant lè nouvo alyans lan te antre an vigè ak lè l te inogire?

Li klè, Jezi te vin Gran Prèt lè l te batize nan ane 29 epòk nou an. Ki jan nou fè konn sa? Lè Jezi t ap batize, li te prezante tèt li kòm sakrifis sou yon lotèl senbolik ki reprezante “volonte Bondye”. (Gal. 1:4; Ebre 10:5-10.) Kòm lotèl senbolik sa a egziste depi lè Jezi te batize, gran tanp espirityèl la, ki reprezante dispozisyon pou adore Jewova yon fason ki pwòp grasa ranson an, dwe te vin egziste nan moman sa a tou. E lotèl senbolik la se yon pati enpòtan nan tanp sa a. — Mat. 3:16, 17; Ebre 5:4-6.

Li te nesesè pou gen yon gran prèt pou fè sèvis nan gran tanp espirityèl la. Se pou rezon sa a, Jewova te chwazi Jezi, pa mwayen “lespri sen ak pisans”, pou l vin Gran Prèt (Tra. 10:37, 38; Mak 1:9-11). Men, ki jan nou ka sèten Jewova te chwazi Jezi kòm Gran Prèt anvan lanmò l ak rezirèksyon l? Nou rive konprann sa lè nou egzamine egzanp Arawon ak moun ki te vin gran prèt apre l yo ki t ap fè sèvis yo anba Lalwa Moyiz la.

Jan Lalwa te mande sa, se sèl gran prèt la ki te ka antre Kote ki pi sen ki nan tabènak la, e pi devan Kote ki pi sen nan tanp lan. Se yon rido ki te separe Kote ki pi sen an ak Kote ki sen an. Se sèl nan jou Pirifikasyon an, gran prèt la te konn pase dèyè rido sa a (Ebre 9:1-3, 6, 7). Menm jan Bondye te chwazi Arawon ak moun ki te vin gran prèt apre l yo kòm gran prèt anvan yo te ka “pase nan rido” toutbon ki te nan tabènak la, se konsa tou Jewova te dwe chwazi Jezi kòm Gran Prèt depi anvan l mouri, e se apre sa li t ap “pase nan rido a, sètadi nan chè li”, pou l al viv nan syèl la (Ebre 10:20). Se pou rezon sa a, apot Pòl te fè konnen Jezi te vini “antanke gran prèt”, apre sa li te “antre nan tant ki gen plis valè e ki pi pafè a, tant ki pa fèt ak men an”, e “nan syèl la menm”. — Ebre 9:11, 24.

Pa gen diferans ant lè nouvo alyans lan te antre an vigè ak lè l te inogire. Sa k fè sa? Lè Jezi te monte nan syèl la e li te prezante valè lavi pafè li te bay antanke moun nan pou nou, li te kòmanse premye nan twa etap ki t ap fè nouvo alyans lan antre an vigè oswa vin legal. Se menm etap sa yo ki inogire alyans lan oubyen ki fè l antre an vigè. Ki etap sa yo?

Toudabò, Jezi te parèt devan Jewova. Ansuit, Jezi te prezante valè sakrifis li a bay Jewova. E apre sa, Jewova te aksepte valè san Jezi ki te koule a genyen. Toutotan twa etap sa yo pa t fèt, nouvo alyans lan potko antre an fonksyon.

Bib la pa di nou ki lè egzakteman Jewova te aksepte valè sakrifis Jezi a. Se poutèt sa nou pa ka di ki lè egzakteman nouvo alyans lan te antre an vigè ni ki lè li te antre an fonksyon. Men, nou konnen Jezi te monte nan syèl dis jou anvan fèt Pannkòt la (Tra. 1:3). Rive yon lè pandan ti tan sa a, li te prezante Jewova valè sakrifis li a, e Jewova te aksepte l (Ebre 9:12). Sa te parèt aklè nan fèt Pannkòt la (Tra. 2:1-4, 32, 33). Lè sa a, li klè nouvo alyans lan te deja anplas e li te antre an fonksyon.

An rezime, nou ka di, nouvo alyans lan te antre an vigè e l te inogire apre Jewova te aksepte valè san Jezi ki te koule a genyen. Lè sa a, alyans lan te vin antre an fonksyon e Jezi ki Gran Prèt se Medyatè alyans sa a. — Ebre 7:25; 8:1-3, 6; 9:13-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje