EKSPRESYON BIBLIK
Peche yo te jwenn padon anvan Jezi te bay ranson an
Se sèlman grasa sakrifis ranson Jezi te bay la li te peye avèk san l nou kapab jwenn padon pou peche nou (Efe. 1:7). Sepandan, men sa Bib la di: “[Bondye] te gen pasyans e li te padone peche moun te fè nan tan lontan yo”, sa vle di anvan Jezi te bay ranson an (Wom. 3:25). Ki jan Jewova te ka fè sa toutpandan li kontinye gen jistis lakay li?
Jewova te pwomèt li t ap bay yon “desandans” ki t ap gen pou sove moun ki gen lafwa nan Li ak nan pwomès li yo. Lè l te fè pwomès sa a, se kòmsi l te gentan bay ranson an (Jen. 3:15; 22:18). Bondye te sèten, nan moman l te fikse a sèl Pitit Gason li fè a t ap dispoze bay ranson an (Gal. 4:4; Ebre 10:7-10). Lè Jezi te sou tè a antanke reprezantan Bondye, li te gen pouvwa pou l padone peche anvan l te bay ranson an. Jezi te kapab padone peche moun ki te gen lafwa yo paske l te konnen sakrifis li t ap gen pou l bay la t ap kouvri peche yo. — Mat. 9:2-6.