Èske w te konnen?
Nan premye syèk la, ki sa prèt yo ki t ap travay nan tanp lan te konn fè ak san bèt yo te konn ofri kòm sakrifis yo?
CHAK ane, prèt yo nan Izrayèl tan lontan an te konn ofri plizyè milye bèt kòm sakrifis sou lotèl tanp lan. Selon Jozèf, yon istoryen juif nan premye syèk la, pandan fèt Pak la, yo te konn ofri plis pase 250000 ti mouton kòm sakrifis, se sa k fè anpil san te konn koule sot sou lotèl la (Lev. 1:10, 11; Nonb 28:16, 19). Ki kote tout san sa yo te konn ale?
Akeyològ yo jwenn yon gwo sistèm drenaj nan zòn kote tanp Ewòd la te ye a. Yo te konn itilize sistèm drenaj sa a jiskaske tanp lan te detwi nan ane 70 epòk nou an. Yo te itilize l pou san ki te konn sot nan tanp lan pase ladan l.
Ann egzamine de bagay ki te gen nan sistèm drenaj sa a:
Te gen twou pa anba lotèl la: Nou jwenn yon esplikasyon nan Michna a sou sistèm drenaj lotèl la. Michna a se yon koleksyon lwa oral juif yo yo te rasanble nan kòmansman twazyèm syèk epòk nou an. Men sa l di: “Te gen de twou nan yon kwen lotèl la [...] kote san bèt yo te konn ofri kòm sakrifis yo ak dlo yo te sèvi pou netwaye lotèl la te konn pase, e san yo te melanje ak dlo nan kanal la pou al nan vale Kidwon.”
Dekouvèt akeyològ nan epòk nou an fè yo montre te gen “twou” toupre lotèl la. Gen yon liv ki bay prèv yo te jwenn “yon gwo sistèm drenaj” ki te toupre tanp lan vre. Men sa liv la di: “Li posib pou yo te konn sèvi avè l pou dlo ki te melanje ak san bèt yo te konn ofri kòm sakrifis yo koule sot nan tanp lan.”
Yo te konn itilize anpil dlo: Prèt yo te bezwen anpil dlo pou yo te netwaye pa anba lotèl la ak kanal kote san an te konn pase a. Pou yo te fè travay enpòtan sa a, yo te toujou gen anpil dlo pwòp ki soti nan vil la. Sistèm yo te itilize a te gen kanal, tinèl, sitèn ak pisin. Men sa akeyològ Joseph Patrich fè konnen: “Sanble pa t gen okenn lòt tanp nan epòk sa a ki te gen yon bon sistèm konsa pou yo te jwenn dlo pou fè netwayaj e pou jete dlo ki pa pwòp yo.”