BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 septanm p. 26-30
  • Jewova te ede nou ‘grandi kote yo te plante nou an’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova te ede nou ‘grandi kote yo te plante nou an’
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Jewova beni m plis pase sa mwen te atann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason nou ka gen kè kontan nan yon nouvo asiyasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Nou fè tout vi nou ap aprann nan men Gran Pwofesè nou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 septanm p. 26-30
Mats ak Ann-Catrin ki kanpe bò kote machin yo a nan yon zòn andeyò.

BYOGRAFI

Jewova te ede nou ‘grandi kote yo te plante nou an’

DAPRE MATS AK ANN-CATRIN KASSHOLM

“GRANDI kote yo plante w la”. Konsèy sa a ka parèt yon ti jan dwòl. Men, yo te plante Mats ak Ann-Catrin, yon koup ki soti nan peyi Lasyèd, plizyè fwa. Ki jan sa te fèt e ki fason konsèy sa a te ede yo?

Frè ak sè Kassholm t al nan lekòl Galaad nan ane 1979 e tank ane yo t ap pase yo te plante yo oswa yo te resevwa asiyasyon pou yo sèvi nan peyi Iran, Zile Moris, Myanma, Tanzani, Ouganda ak Zayi. Se pandan yo te Galaad yo te tande Jack Redford, youn nan enstriktè yo, bay konsèy sa a ki te ede yo a chak fwa yo te “plante” yo, yo te “derasinen” yo e yo te “replante” yo. Ann tande sa y ap di.

Mats, tanpri di nou ki jan w te aprann laverite.

Mats: Papa m t ap viv nan peyi Polòy pandan Dezyèm gè mondyal la e li te wè gen anpil ipokrizi nan legliz katolik. Malgre sa, byen souvan li te konn di: “Gen yon vrè relijyon ki egziste kanmenm!” Finalman, mwen te vin wè sa l te di a se laverite. Mwen te achte yon pakèt liv dezyèm men. Gen youn nan yo, se te yon ti liv ble ki te rele Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la. Tit liv sa a te vrèman atire atansyon m e m te li tout liv la menm nuit mwen te achte l la. Nan demen maten, mwen te konnen mwen te jwenn laverite!

Apati mwa avril 1972, mwen te li anpil lòt piblikasyon Temwen Jewova yo e m te jwenn repons kesyon m t ap poze sou Bib la. Mwen te santi m menm jan ak komèsan nan egzanp Jezi a ki te vann tout sa l genyen pou l te ka achte yon pèl ki gen anpil valè li te jwenn. Mwen te “vann” objektif mwen te genyen pou m al nan inivèsite pou m vin yon doktè pou m te ka achte pèl laverite mwen te jwenn nan (Mat. 13:​45, 46). Mwen te batize nan dat 10 desanm 1972.

Sou ennan, paran m yo ak ti frè m nan te aksepte laverite e yo te batize tou. An jiyè 1973, mwen te antre nan sèvis aplentan. Te gen yon bèl sè pyonye nan kongregasyon nou an ki te rele Ann-Catrin ki te renmen Jewova anpil. Nou te tonbe damou e nou te marye an 1975. Apre sa, nou te pase katran nan yon vil ki rele Strömsund, yon bèl ti zòn nan peyi Lasyèd kote ki te gen anpil moun ki enterese nan Labib.

Ann-Catrin: Papa m te aprann laverite pandan l t ap fini inivèsite l nan Stokòm. Mwen te gen twa mwa sèlman, men, li te konn mennen m nan reyinyon e li te konn al preche avè m. Manman m pa t renmen sa e l te eseye pwouve Temwen Jewova yo ap bay manti. Men, li pa t kapab. Finalman, li menm tou li te batize. Lè m te gen 13 an mwen te batize e lè m te gen 16 an, mwen te vin pyonye. Apre m te fin sèvi nan yon zòn ki rele Umeå, kote yo te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, yo te nome m pyonye espesyal.

Apre m te fin marye ak Mats, nou te pran plezi aprann plizyè moun laverite. Pami yo, te gen Maivor, yon jèn fi ki te bay vag sou karyè li te ka fè nan spò e pi devan ki te vin konpayon sèvis ti sè m nan antanke pyonye. Yo te al Galaad an 1984 e aktyèlman yo misyonè nan peyi Ekwatè.

Ki jan nou te rive suiv konsèy pou nou “grandi kote yo plante nou” an nan diferan asiyasyon nou te jwenn antanke misyonè?

Mats: Yo te “replante” nou divès kote. Men, nou te eseye rete “anrasinen” nan Jezi lè nou te fè tout sa nou kapab pou nou imite l sitou nan domèn imilite (Kol. 2:​6, 7). Pa egzanp, olye nou te atann pou frè ak sè nan zòn kote yo te voye nou yo adapte yo avèk nou, nou te fè efò pou nou konprann poukisa yo te fè sa yo te konn fè yo jan yo te fè l la. Nou te vle konprann fason yo panse ak kilti yo. Plis nou te imite Jezi, se plis nou te santi yo te “plante [nou] bò kanal dlo”, yon fason pou nou te grandi kèlkeswa kote yo te asiyen nou. — Sòm 1:​2, 3.

Mats ak Ann-Catrin k ap pote valiz yo ak kèk manje.

Nou te konn vwayaje anpil pou n al vizite kongregasyon yo.

Ann-Catrin: Pou yon pyebwa grandi apre yo fin replante l, li bezwen bon solèy. Jewova te toujou montre li se “yon solèy” pou nou (Sòm 84:11). Li te beni nou lè l te ban n yon pakèt frè ak sè ki gen lanmou. Pa egzanp, nan ti kongregasyon nou te ye nan Teyeran, nan peyi Iran, nou te wè jan frè ak sè yo renmen akeyi moun e yo donan, sa te fè nou sonje jan moun nan epòk yo te ekri Bib la te renmen akeyi moun. Nou t ap renmen rete nan peyi Iran, men nan mwa jiyè 1980, yo te entèdi travay Temwen Jewova yo nan peyi sa a e yo te mande nou pou n kite peyi a nan 48 èdtan. Apre sa, yo te voye nou ann Afrik, nan peyi Zayi (kounye a yo rele Kongo).

Yon kay byen senp nan yon zòn andeyò nan peyi Zayi.

Bèl ti moman nou te pase nan asiyasyon nou nan peyi Zayi, 1982.

Mwen te kriye lè m te fèk aprann yo t ap voye nou ann Afrik. Mwen te pè paske m te tande pale de sèpan ak maladi ki te gen ann Afrik. Men, gen de bon zanmi nou ki te pase anpil tan ap sèvi ann Afrik ki te di nou: “Nou pa bezwen pè, nou poko menm al ann Afrik! Nou konnen nou pral renmen l.” E se vre, frè ak sè ann afrik yo gen anpil lanmou. An reyalite, nou te oblije kite peyi Zayi sizan annapre paske te gen entèdiksyon. M te souri lè m te rann mwen kont nan moman an m t ap priye Jewova pou m mande l: “Tanpri, kite nou rete ann Afrik.”

Ki benediksyon nou te jwenn nan sèvis Jewova a?

Ann-Catrin ki chita sou yon chèz pliyan bò kote machin Vòlzvagenn Kombi yo a.

“Chanm” nou, nan peyi Tanzani, 1988.

Mats: Youn nan bagay mwen kapab site se bonjan amitye nou te vin genyen ansanm ak lòt misyonè ki gen divès nasyonalite e ki soti divès kote. Mete sou sa, nan kèk asiyasyon nou te genyen, nou te kondui yon pakèt etid, e sa te fè nou gen kè kontan. Pafwa, nou chak t ap kondui 20 etid! Mwen pap janm bliye lanmou frè ak sè ann Afrik yo ak fason yo renmen akeyi moun. Lè nou te konn ap vizite kongregasyon nan peyi Tanzani, anpil frè ak sè te akeyi nou e yo te menm ban nou “plis pase sa yo te kapab” lè nou te konn pake “chanm” nou, yon ti bis Vòlzvagenn Kombi, bò kote kay yo (2 Kor. 8:3). Yon bagay ki te vrèman espesyal pou mwen menm ak Ann-Catrin se lè nou te konn chita nan fen chak jounen pou nou pale sou sa k te pase pandan jounen an, e nou te konn di Jewova mèsi paske li te avèk nou.

Ann-Catrin: Youn nan bagay ki te fè m kontan anpil se aprann konnen yon pakèt frè ak sè ki soti toupatou nan monn nan. Nou te aprann plizyè lang tankou fasi, fransè, lougannda ak swayili toutpandan nou t ap dekouvri yon pakèt bèl kilti. Nou te ede plizyè moun vin disip, nou te fè bon zanmi e nou te travay “kòtakòt” ansanm avèk yo nan sèvis Jewova. — Sof. 3:9.

Mete sou sa, nou te wè jan gen anpil varyete nan kreyasyon Jewova a ki bèl anpil. Chak fwa nou te aksepte yon nouvo asiyasyon nan sèvis Jewova a, nou te santi se kòmsi Jewova t ap fè nou fè yon vwayaj e li se Gid nou. Li te fè nou viv yon pakèt bèl eksperyans nou pa t ap janm ka viv poukont nou.

Foto ki ansanm: 1. Mats ak Ann-Catrin k ap preche yon manman ak pitit fi l yo. 2. Ann-Catrin k ap bay yon jèn gason nan pèp Masay la temwayaj.

N ap preche nan peyi Tanzani ki gen anpil divèsite.

Ki pwoblèm nou te jwenn e ki sa nou te fè pou nou andire yo?

Mats: Tank ane yo t ap pase, nou te pran plizyè maladi twopikal, pa egzanp malarya. E Ann-Catrin te oblije fè plizyè operasyon sanzatann. Mete sou sa, nou te enkyete nou pou paran nou yo ki t ap pran laj. Se sa k fè, nou te vrèman gen anpil rekonesans pou frè n ak sè nou yo ki te pran swen yo. Yo te pran swen paran nou yo avèk pasyans, kè kontan ak lanmou (1 Tim. 5:4). Malgre sa, pafwa nou te konn santi nou mal anpil paske nou pa t kapab fè plis pou nou ede paran nou yo.

Ann-Catrin: An 1983, pandan nou t ap sèvi nan peyi Zayi, mwen te pran kolera e maladi a te fò sou mwen anpil. Doktè a te di Mats: “Kite peyi a avèk li jodi a!” Nan demen, nou te vwayaje nan yon avyon kago ki t ap pote machandiz paske se sèl vòl sa a ki te genyen.

Mats: Nou te kriye anpil paske nou te panse nou pa t ap ka kontinye sèvis nou antanke misyonè. Men, kontrèman ak sa doktè a te di, Ann-Catrin te geri. Ennan annapre, nou te retounen nan peyi Zayi, men fwa sa a, yo te voye nou nan yon ti kongregasyon nan Louboumbachi kote yo pale Swayili.

Ann-Catrin: Pandan nou te Louboumbachi, mwen te fè yon foskouch. Malgre nou pa t gen entansyon fè timoun, m te soufri anpil lè m te pèdi tibebe m nan. Men, pandan epòk sa a ki te tris anpil, Jewova te beni nou yon fason nou pa t atann. Se premye fwa nou te gen tout etid biblik sa yo. Nan mwens pase yon ane, kongregasyon an ki te gen 35 pwoklamatè te vin gen 70 pwoklamatè. Epitou, te vin gen plis moun ki te konn asiste reyinyon. Anvan sa, te konn gen 40 moun, men, nan moman an te vin gen 220 moun. Nou te okipe anpil nan travay predikasyon an e benediksyon Jewova te ban nou yo te konsole m anpil. Malgre sa, byen souvan, nou panse ak tipitit nou an e nou pale de li. Nou pa ka tann pou n wè ki jan Jewova pral konsole nou nèt nan Paradi a.

Mats: Rive yon lè, Ann-Catrin te vin fèb anpil e l te vin fatige. Mwen te vin konnen mwen gen kansè nan kolon e m te bezwen fè yon gwo operasyon. Men, jodi a, mwen byen e Ann-Catrin ap fè tout sa l kapab nan sèvis li.

Nou vin konprann se pa nou menm sèl ki jwenn eprèv. Apre jenosid ki te fèt nan peyi Wannda nan ane 1994, nou te vizite anpil frè ak sè ki nan kan refijye yo. Lè nou te wè lafwa yo, andirans yo ak jan yo renmen akeyi moun menm lè sitiyasyon an pa t fasil pou yo, sa te aprann nou Jewova gen pouvwa pou l ede pèp li a nan kèlkeswa eprèv la. — Sòm 55:22.

Ann-Catrin: Nou te jwenn yon lòt eprèv lè nou t al asiste inogirasyon filyal Ouganda a nan ane 2007. Apre pwogram nan, nou t ap vwayaje ak yon gwoup ki te gen anviwon 25 misyonè ak betelit pou n al Naywobi nan peyi Kenya. Anvan nou te rive nan fwontyè Kenya a, te gen yon kamyon ki t ap vin anfas nou ki te kite bò pa l e ki te antre sou nou. Chofè a ak senk nan frè n ak sè n yo te mouri menm moman an, epi gen yon sè ki te mouri annapre nan lopital. Se pa ti swaf nou swaf pou n wè frè n ak sè n yo ankò. — Jòb 14:​13-15.

Rive yon lè, blese m te gen sou kò m yo te geri. Men, mwen menm ak Mats, ansanm ak moun ki t ap vwayaje ansanm avèk nou yo te rete twomatize apre sa k te pase yo. Nan ka pa m, m konn pantan nan dòmi epi m santi se kòmsi se kè m k ap bloke. Sa te fè m pè anpil. Men, nou te konn priye Jewova ak tout kè nou e nou te jwenn konsolasyon nan yon seri vèsè nou te renmen anpil ki te ede nou fè fas ak sitiyasyon an. Anplis de sa, nou te jwenn èd nan men doktè, e sa te ede nou anpil. Kounye a, nou vin pi djanm e nou mande Jewova pou l ede nou konsole lòt moun k ap fè fas ak menm pwoblèm nan.

Lè n t ap esplike fason n te rive fè fas ak sitiyasyon ki difisil yo, nou te di Jewova te pote nou tankou “ze fre”. Ki sa nou te vle di?

Mats: Ekspresyon sa a soti nan yon pwovèb Swayili ki di: “Tumebebwa kama mayai mabichi”, ki vle di “yo te pote nou tankou ze fre”. Menm jan yon moun pran anpil prekosyon lè l ap pote ze fre pou yo pa kraze, se konsa tou Jewova te pote nou avèk tandrès nan chak asiyasyon nou te genyen. Nou te toujou jwenn sa nou te bezwen, nou te menm jwenn plis pase sa nou te bezwen. Youn nan fason nou te santi jan Jewova renmen nou e l ap soutni nou se lè nou te wè jan Kolèj santral la te demontre anpil konpasyon pou nou.

Ann-Catrin: M ta renmen pale sou youn nan fason Jewova te montre l ap soutni nou avèk tandrès. Yon jou, mwen te resevwa yon apèl ki fè konnen papa m ki nan peyi Lasyèd te lopital e l te malad byen mal. Mats te fèk ap leve anba yon malarya. Nou pa t gen kòb pou n achte tikè avyon pou n al lakay nou. Donk, nou te deside vann machin nou an. Annapre, nou te resevwa de lòt apèl. Youn nan apèl yo se te yon mari ak madanm li ki te tande sitiyasyon an ki te vle peye yon tikè pou nou. Dezyèm apèl la se te yon sè aje ki te sere kòb nan yon bwat ki te make: “Pou yon moun ki nan bezwen.” Nan kèk minit sèlman, Jewova te ede nou jwenn tikè nou te bezwen yo. — Ebre 13:6.

Lè n ap reflechi sou 50 ane nou pase nan sèvis aplentan, ki sa nou aprann?

Mats ak Ann-Catrin ki kontan kanpe bò kote youn lòt.

Pandan nou nan nouvo asiyasyon nou nan peyi Myanma.

Ann-Catrin: Mwen te rive konprann “si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou”. Lè nou met konfyans nou nan Jewova, nan yon sans, se li ki batay pou nou (Eza. 30:15; 2 Kwo. 20:​15, 17). Lefètke nou te sèvi Jewova ak tout nanm nou nan kèlkeswa asiyasyon an, nou te resevwa plis benediksyon pase kèlkeswa benediksyon nou te kapab jwenn si nou t ap fè yon lòt bagay.

Mats: Pi gwo leson m te aprann se konte sou Jewova nan kèlkeswa sitiyasyon an epi gade ki jan l pral aji pou ede n (Sòm 37:5). Li te toujou ede m jan l te pwomèt li t ap fè sa a. E jis jounen jodi a, nou kapab wè sa nan asiyasyon nou genyen nan Betèl ki nan peyi Myanma a.

Nou espere anpil jèn ki vle fè plis nan sèvis yo pral benefisye menm lanmou fidèl Jewova te demontre pou nou an. Nou gen asirans sa ap fèt vre si yo kite Jewova ede yo grandi nèt kèlkeswa kote li plante yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje