BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 septanm p. 32
  • Jezi “te aprann obeyisans”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi “te aprann obeyisans”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • “ Li te aprann obeyisans ”
    “Vin suiv mwen”
  • Jewova bay obeyisans nou anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ann ede sanblab nou yo vin ‘ moun ki obeyi ak tout kè yo ’
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • “ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 septanm p. 32

EKSPRESYON BIBLIK

Jezi “te aprann obeyisans”

Jezi te toujou obeyi Jewova (Jan 8:29). Kounye a, poukisa Bib la di: “Li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo”? — Ebre 5:8.

Lè Jezi te sou tè a, li te fè fas ak yon seri sitiyasyon li pa t konn jwenn nan syèl la. Paran l yo ki te leve l te renmen Jewova, men yo te enpafè (Lik 2:51). Li te sibi move tretman anba men yon seri chèf relijye ki te kòwonpi ak yon seri dirijan ki te mechan (Mat. 26:59; Mak 15:15). Anplis de sa, li te imilye tèt li e “li te vin obeyisan jis li mouri” yon fason ki atwòs. — Flp. 2:8.

Eksperyans sa yo te aprann Jezi gen obeyisans yon fason li pa t janm aprann nan syèl la. Konsa, li te kapab vini Wa pafè a ak Gran Prèt ki konprann nou an (Ebre 4:15; 5:9). Jezi te vin gen plis valè toujou pou Jewova apre l te fin aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo. Nou menm tou, nou kapab vin gen plis valè pou Jewova, e nou ka plis itil li nan kèlkeswa asiyasyon li ban nou lè nou rete fidèl nan kèlkeswa sitiyasyon difisil nou rankontre. — Jak 1:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje