BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 novanm p. 30
  • Yon atik k ap ankouraje fi y ap maltrete yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon atik k ap ankouraje fi y ap maltrete yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Byennèt fi yo — Sa Bib la di
    Kèk lòt sijè
  • Sèvi ak jw.org nan ministè a — “Fè zanmi ak Jewova”
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ou kapab jwenn èd
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 novanm p. 30
Yon sè k ap bay yon dam yon kopi atik ki gen tit “Byennèt fi yo — Sa Bib la di”.

Yon atik k ap ankouraje fi y ap maltrete yo

“GEN plizyè milyon fi, timoun kou granmoun, toupatou nan monn nan, yo fè abi sou yo. Èske sa te rive w? Nan atik sa a, ou pral wè poukisa byennèt medam yo gen enpòtans pou Bondye e ki sa Bondye pral fè pou medam yo pa kontinye sibi move tretman.”

Se ak pawòl sa yo atik ki gen tit “Byennèt fi yo — Sa Bib la di” ki sou jw.org kòmanse. Nan fen atik la, gen yon lyen k ap pèmèt ou telechaje l sou fòma PDF, e w kapab enprime l epi pliye l an de. Men sa yon sè ki rele Stacy k ap viv Ozetazini di: “Mwen te enprime plizyè kopi, e mwen menm ak yon sè t al avè yo nan yon sant nan tèritwa kongregasyon m nan kote yo akeyi fi ki an danje.”

Gen yon anplwaye ki te mande si l te ka jwenn lòt kopi pou l bay moun k ap viv nan lokal la. Yo te pot 40 feyè pou li ansanm ak 30 kat jw.org. Annapre, dam ki te responsab sant lan te vle pou Temwen yo montre medam k ap viv nan sant lan kòman yo fè yon etid Labib.

Stacy ansanm ak de lòt sè te jwenn bon rezilta tou nan yon lòt sant kote yo te aksepte senk feyè e yo te mande lòt ankò. Gen youn nan anplwaye yo ki te di: “Feyè sa a ap ede medam yo isit la.” Apre sa, li te di: “Nou bezwen sa.” Lè sè yo te retounen, gen plizyè nan medam yo ki te vle wè kòman yo fè yon etid Labib e gen de nan yo ki te di yo ta renmen asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm nan semèn ki t ap vini an.

Men sa Stacy di: “Nou sezi wè jan moun yo te kontan resevwa bèl atik sa a. Lè w enprime yo e w pliye yo, se yon bèl fason pou w pataje mesaj Wayòm nan ak medam sa yo. Sa te vrèman touche nou pou n wè jan moun yo te byen reyaji, e n pa ka tann pou n wè fason Jewova pral ede nou pou n kontinye pataje bon nouvèl la ak medam sa yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje