BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 100
  • Mouvman Bibelkring nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mouvman Bibelkring nan
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 100

ENDONEZI

Mouvman Bibèlkrin nan

NAN fen ane 1930 yo, gen yon mouvman relijye ki rele Bibèlkrin (yon non neyèlandè ki vle di “gwoup etidyan Labib”) ki te pran nesans toupre Lak Toba, nan Soumatra dinò. Mouvman sa a te kòmanse apre plizyè pwofesè lekòl te fin aksepte piblikasyon nan men yon pyonye, petèt Eric Ewins, pandan l t ap preche nan Lak Toba bò ane 1936 yo. Sa pwofesè yo te li yo te fè yo kite Legliz Potestan Batak la e yo te fè kèk gwoup pou yo etidye Labib lakay yo. Gwoup sa yo te vin anpil, yo te gaye toupatou e yo te vin gen plizyè santèn mouna.

Dame Simbolon, yon ansyen manm Bibelkring.

Dame Simbolon, yon ansyen manm Bibèlkrin ki se sè nou kounye a.

Grasa piblikasyon pyonye a te kite yo, Bibèlkrin yo te vin konn yon pakèt verite biblik. Men sa Dame Simbolon, yon ansyen manm mouvman sa a ki te aksepte laverite an 1972, fè konnen: “Yo te refize salye drapo e yo te sispann fete Nwèl ak anivèsè nesans. Gen moun ki te menm preche kay an kay.” Men, piske òganizasyon Bondye a pa t ap soutni mouvman sa a, byen vit, moun yo te kòmanse ap suiv filozofi lèzòm. Men sa Limeria Nadapdap, yon lòt ansyen manm mouvman an ki se sè nou kounye a, te esplike: “Yo pa t vle medam yo makiye, met bijou, met rad alamòd e menm soulye. Anplis de sa, yo pa t vle manm yo fè kat idantite nasyonal la, sa k te fè gouvènman an fache anpil.”

Finalman, mouvman Bibèlkrin nan te vin divize an plizyè gwoup e l te kraze tikras pa tikras. Pi devan, lè pyonye yo te retounen nan Lak Toba, gen anpil ansyen manm mouvman Bibèlkrin nan ki te aksepte laverite.

a Gen kèk enfòmasyon ki fè konnen mouvman Bibèlkrin nan te gen plizyè milye moun.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje