BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb16 p. 126-p. 127 par. 3
  • Yon vrè pitit fi Sara

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon vrè pitit fi Sara
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Di yo ou renmen yo
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Bondye te rele l “Prensès”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • “Ou se yon dam ki bèl anpil”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Medam yo pale de yo nan Bib la: Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?
    Repons Bib la bay
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
yb16 p. 126-p. 127 par. 3

ENDONEZI

Yon vrè pitit fi Sara

Titi Koetin

  • NESANS: 1928

  • BATÈM: 1957

  • PWOFIL: Yon sè ki te sèvi ak tak pou ede mari l, ki te opoze, vin nan laverite. — Dapre pitit gason l, Mario Koetin.

Titi Koetin.

MANMAN M te alèz ak tout moun e l te renmen Labib. Lè l te rankontre Gertrud Ott, yon misyonè nan Manado, Soulawesi dinò, li te aksepte yon etid Labib menm kote a e l te vin nan laverite. Men, Erwin, papa m, yon anplwaye labank konpetan e ki te vin direktè bous Jakata a, pa t dakò pou manman m etidye Labib.

Yon jou, papa m te bay manman m yon iltimatòm.

Ak kòlè, li te di l: “Ou dwe chwazi: swa w ret nan relijyon w lan, swa w ret ak mari w!”

Manman m fè yon bon ti tan ap reflechi. Epi, avèk jantiyès, li di: “M vle toude: Ni mari m ni Jewova.”

Papa m pa t jwenn anyen pou l di, e kòlè a te bese.

Pi devan, papa m te vin pi toleran paske l te renmen manman m anpil e l te apresye l pou sajès li ak bonsans li.

Men, manman m te vle pou mari l vin adore Jewova avè l. Apre l te fin priye ak tout kè l sou sa, li te vin sonje papa m renmen aprann lang. Konsa, li te deside kopye kèk vèsè Labib ann anglè toupatou nan kay la. Li te di papa m: “M ap eseye amelyore m nan anglè.” Piske l te konnen papa m renmen pale an piblik, li te mande l tou si l ka ede l prepare diskou l gen nan Lekòl ministè teyokratik la. Li te dakò. Piske manman m te konnen l se yon moun ki renmen akeyi moun, li te mande l si l ka akeyi siveyan sikonskripsyon an. Li te dakò tou. E piske l te konnen papa m renmen fanmi l anpil, avèk jantiyès, li te fè l konnen li ta dwe la avèk nou nan kongrè yo. E se sa papa m te fè.

Tikras pa tikras, efò manman m te fè avèk pasyans ak prevwayans yo te kòmanse touche kè papa m. Pi devan, lè fanmi nou t al viv ann Angletè, li te asiste reyinyon yo e l te vin zanmi John Barr ki te vin yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo. Papa m te batize nan menm ane sa a e sa te fè manman m kontan anpil. Nan ane ki te vin apre yo, li te vin renmen manman m pi plis toujou.

Piske manman m te gen bon moralite, li te respekte moun e l te vrèman espirityèl, sa te touche kè tout moun ki konnen l.

Gen kèk zanmi nou ki te konn konpare manman m ak Lidi, yon kretyèn nan premye syèk la ki te renmen akeyi moun (Tra. 16:14, 15). Men, byen souvan, m renmen konpare l ak Sara ki te soumèt devan Abraram, mari l, ak tout kè l (1 Pyè 3:4-6). Manman m te yon moun ki gen bon moralite, ki respekte moun e ki vrèman espirityèl, yon dam ki te touche kè tout moun ki konnen l. Se egzanp li ki te ede papa m vin nan laverite. Pou mwen menm, li te yon vrè pitit fi Sara.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje