BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 84-88
  • Yon koudèy sou Jòji

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon koudèy sou Jòji
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 84-88
Yon kominote nan zòn Wo Svaneti nan Jòji.

Wo Svaneti

JÒJI

Yon koudèy sou Jòji

Yon mesye k ap pote yon pànye rezen; Yon grap rezen.

Rekòt rezen an bay anpil kè kontan.

Tèritwa: Jòji se yon peyi ki gen yon pakèt bèl mòn ki kouvri ak nèj, e gen kèk nan mòn sa yo ki depase 4 500 mèt wotè. Peyi a gen de pati: Jòji delès ak Jòji delwès. Yo chak gen plizyè zòn ladan yo, e chak zòn gen klima pa l, koutim pa l, mizik pa l, dans pa l ak manje pa l.

Popilasyon: Gen 3,7 milyon moun k ap viv nan peyi sa a, e pifò ladan yo se moun natif natal peyi a.

Relijyon: Pifò moun nan peyi a se kretyen òtodòks, e sou chak 100 moun gen anviwon 10 ki mizilman.

Lang: Lang jòjyen an pa sanble ak okenn lòt lang yo pale nan peyi ki ozalantou l yo. Dapre listwa, se depi anvan epòk pa nou an yo te vin ak alfabè jòjyen an ki pa sanble ak okenn lòt alfabè.

Sa moun fè pou viv: Anpil moun nan popilasyon an fè elvaj e yo travay tè. Sa pa gen twò lontan depi aktivite touris la vin jwe yon gwo wòl nan ekonomi peyi a.

Klima: Nan lès peyi a, pa fè ni twò cho ni twò frèt. Sou kot Lanmè Nwa a ki nan lwès peyi a, nan sezon chalè, tanperati a cho e li sèk, e nan sezon fredi, tanperati a pa twò frèt e li imid. Zòn sa a pwodui anpil fwi ki nan menm fanmi ak sitwon, zoranj, chadèk, elatriye.

Moun k ap rekòlte rezen.

Y ap rekòlte rezen nan zòn Kaketi.

Manje: Kèlkeswa pla yo sèvi a, toujou gen pen ki akonpaye l e jeneralman se nan fou ki fèt an tè yo kuit pen yo. Youn nan pla prensipal peyi a se yon soup pwès ki gen bonkou epis. Nan peyi Jòji, se yon tradisyon pou moun fè diven. An jeneral, yo mete ji rezen nan gwo kannari e yo kite l jiskaske l tounen diven. Anpil fanmi gen pwòp pye rezen yo e yo fè diven pa yo. Jòji bay anviwon 500 kalite rezen.

Yon fi k ap fè pen.

Yon moun ap fè pen fason moun peyi a konn fè l.

TÈRITWA (kilomèt kare)

69 700

POPILASYON

3 720 400

KANTITE PWOKLAMATÈ AN 2016

18 619

YON PWOKLAMATÈ POU

200

ASISTANS MEMORYAL POU ANE 2016

32 216

Yon kat jeyografi Jòji
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje