BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 110
  • Labib nan lang jòjyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Labib nan lang jòjyen
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 110
Yon paj bib nan lang jòjyen

Kat Evanjil Mokvi yo, yon maniskri an jòjyen ki la depi 14yèm syèk la.

JÒJI | 1924-1990

Labib nan lang jòjyen

LANG jòjyen an pami premye lang yo te tradui Labib, san wete aményen, kòp, laten, siryak ak lòt ankò. Yo jwenn maniskri Evanjil yo, lèt apot Pòl yo, ak Sòm yo ki te ekri nan ansyen lang jòjyen an e ki egziste depi mitan senkyèm syèk epòk nou an oswa menm depi anvan sa. Nan syèk ki vin annapre yo, te vin gen plis tradiksyon Labib ki te egziste nan lang jòjyen e te gen plis moun ki te kopye l. Sa te vin fè gen plizyè vèsyon bib ki disponiba.

Labib te gen yon gwo enfliyans ni sou literati pèp jòjyen an ni sou prensip yo te genyen. Pa egzanp, nan istwa terib konsènan sa k te rive rèn Shushanik, yon istwa petèt yo te ekri nan fen senkyèm syèk la, nou jwenn kèk pawòl ak kèk bagay yo di ki sanble ak sa ki nan Bib la. Nan powèm Shota Rustaveli te ekri ozanviwon ane 1220 ki rele Chevalye ki gen po pantè a (jòjyen), li te fè referans ak kèk prensip kretyen yo ap suiv. Li te pale sou kèk sijè tankou amitye, renmen bay ak lanmou pou etranje, e bagay sa yo se bagay ki toujou gen anpil valè pou pèp jòjyen an.

a Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Yon trezò ki te kache pandan plizyè syèk” ki te parèt nan Toudegad 1ye jen 2013.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje