BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 114
  • E si m pa anvi viv ankò?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • E si m pa anvi viv ankò?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?
    Repons Bib la bay
  • Poukisa m pa annik fini ak tout bagay?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki jan m ka fè fas ak depresyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 114
Yon adolesan ki fè depresyon ki kanpe devan yon fenèt, l ap gade lapli k ap tonbe.

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si m pa anvi viv ankò?

“Sa gen kèk ane m te tèlman sou strès, m te konn santi se kòmsi m ap eseye lite pou m etenn yon gwo dife chak jou. Nan moman sa yo m te konn anvi touye tèt mwen. Se pa t anvi m te anvi mouri, men m te anvi sispann soufri.” — Jonathan, 17 an.

Nan yon ankèt yo te fè sou 14 000 elèv lekòl, sou chak senk, anviwon youn admèt yo te anvi touye tèt yo nan ane ki sot pase aa. Si w santi ou pa anvi viv ankò, ki sa w ka fè?

  • Fè yo ti tann. Pwomèt tèt ou ou pap aji sou kout tèt. Menm lè pwoblèm yo ka parèt twòp pou ou, ou ka aprann fè fas avèk yo.

Yon adolesan k ap eseye wè ki jan l ka soti nan yon labirent.

Ou ka santi pa gen solisyon pou pwoblèm ou yo. Men se pa paske w santi w konsa ki vle di pa gen solisyon vre. Gen mwayen pou ede w jere sitiyasyon w lan. Si w jwen bonjan èd, ou ka jwenn solisyon an pi vit pase sa w panse.

  • Prensip Bib la bay: “Nou nan eto tout jan, men nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje. Nou pa konn sa pou n fè, men nou pa fin sanzespwa nèt.” — 2 Korentyen 4:8.

    Men yon ide: Si w anvi touye tèt ou e anvi sa fò e li pèsiste, fè tout posib ou pou w jwenn èd. Se kapab yon nimewo telefòn yo fè pou sa kote w ka jwenn yon moun pou ede w, oswa ou ka ale nan sèvis ijans yon lopital. Pwofesyonèl sa yo gen fòmasyon pou yo ede w e yo vrèman vle fè sa.

  • Pale avèk yon moun. Ou gen moun ki gen sousi pou ou e ki vle ede w. Pa egzanp, ou ka gen fanmi ak zanmi ki pap konnen w ap fè fas ak pwoblèm sa yo si w pa fè yo konn sa.

Yon adolesan k ap met linèt.

Gen moun ki bezwen linèt pou ede yo wè pi klè. Yon zanmi ka fè menm bagay la pou ou tou. Li ka ede w wè pwoblèm ou yo yon lòt jan e sa ka fè w anvi viv ankò.

  • Prensip Bib la bay: ‘Yon bon zanmi se yon moun ou ka konte sou li lè gen malè.’ — Pwovèb 17:17.

    Men yon ide: Petèt ou ka kòmanse yon konvèsasyon konsa: “M konn gen move ide ki pase nan lespri m dènye tan sa yo. Èske n ka fè yon ti pale sou sa?” Oswa w ka di: M gen kèk pwoblèm mwen pa ka jwenn solisyon yo poukont mwen. Èske w panse w ka ede m?”

  • Al kay doktè. Lè yon moun fè depresyon oubyen l ap fè fas ak gwo strès, li gendwa pa anvi viv ankò. Men, gen espwa paske gen tretman pou ka sa yo.

Yon adolesan ki malad. Li pap manje manje ki devan l lan.

Menm jan lè yon moun gripe sa ka fè l pa anvi manje, lè yon moun fè depresyon sa ka fè l pa anvi viv. Men, gen tretman pou toude maladi sa yo.

  • Prensip Bib la bay: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Matye 9:12.

    Men yon ide: Fè efò pou w dòmi ase, fè egzèsis epi manje manje ki bon pou sante w. Sante fizik ou ka gen efè sou santiman w.

  • Priye. Bib la di Kreyatè nou an “pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay”. (1 Jan 3:20.) Eseye pran yon ti tan pou w pale avè l jodi a. Itilize non l, Jewova, epi pale ak tout kè w.

Yon adolesan k ap fè anpil efò pou l pote yon gwo bwat.

Gen chay nan lavi a k ap twò lou pou w pote poukont ou. Jewova, Kreyatè w la, vle ede w.

  • Prensip Bib la bay: “Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.

    Men yon ide: Nonsèlman w ka fè Jewova konnen pwoblèm ou yo, men tou, eseye di l mèsi pou omwen yon bagay li te fè pou ou pandan jounen an (Kolosyen 3:15). Lè yon moun gen rekonesans sa ka ede l ret konsantre sou bon bagay li gen nan lavi l.

Si sa rive ou pa anvi viv ankò, chèche èd. Se sa Jonathan, nou te site pi wo a, te fè. Men sa l di: “Mwen te bezwen pran ti tan pou m pale avèk paran m plizyè fwa e pou m chèche èd doktè. Kounye a, m santi m pi byen. Menm lè m konn santi m tris pafwa, m pa anvi touye tèt mwen ankò.”

a Se Sant pou prevansyon ak kontwòl maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ki nan peyi Etazini ki te fè sondaj sa a an 2019.

Sa lòt jèn di

Alexandra.

“Menm jan sante fizik yon moun enpòtan, jan l santi l pa anndan enpòtan tou. Diferans lan sèke ou kapab wè si yon moun gen yon zo kase men w pa ka wè si yon moun ap soufri pa anndan. Si w ap soufri, ou pa dwe pè fè yon moun konn sa. Pa santi w jennen pou w mande èd.” — Alexandra.

Ian.

“Lè m te pi jèn, paran m te ede m konprann nou ka jwenn solisyon pou prèske tout pwoblèm nou jwenn nan lavi a. Si n pa ka jwenn yon solisyon, omwen n ap kapab andire l. Lè n gen yon moun nou ka pale avè l, nan ka pa m se te paran m, sa vrèman ede n pi byen konprann bagay yo.” — Ian.

Kèk vèsè biblik ki kapab ede w

Petèt ou ka fè yon lis kèk vèsè biblik ki kapab ede w. Men kèk vèsè ki ka ede w kòmanse lis pa w la.

Sòm 34:18: “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.”

Sa l vle di: Jewova gen kè sansib pou moun ki santi tètchaje lavi a twòp pou yo. Li vle ede yo.

Sòm 46:1: “Bondye se refij nou e li se fòs nou, nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo.”

Sa l vle di: Ou ka priye Jewova nenpòt lè w santi w strese. Li vle ede w pou w kapab andire e li pare pou l fè sa.

Sòm 94:18, 19: “Lè m te di: ‘Pye m ap glise’ a, lanmou fidèl ou genyen an te kontinye soutni m, o Jewova. Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.”

Sa l vle di: Bondye kapab ba w rekonfò ou bezwen an lè w li Pawòl li a, Labib. Donk, pa kite yon jou pase san w pa li l!

Sòm 139:23, 24: “Egzamine m, o Bondye [...]. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.”

Sa l vle di: Jewova konnen w pi byen pase w konnen tèt ou. Li kapab ede w korije move fason w panse a pou w ka vin gen kè kontan ankò.

Ezayi 41: 10: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.”

Sa l vle di: Jewova ka ban nou fòs pou n andire kèlkeswa eprèv nou rankontre nan lavi a.

Revizyon: E si m pa anvi viv ankò?

  • Fè yon ti tann. Pwomèt tèt ou ou pap aji sou kout tèt. Gen lòt mwayen ki disponib pou ede w fè fas ak pwoblèm ou yo.

  • Pale avèk yon moun. Fanmi w ak zanmi w yo pap konnen pwoblèm ou yo si w pa fè yo konn sa.

  • Al kay doktè. Lè yon moun anvi touye tèt li, sa ka yon siy li fè depresyon, ki se yon maladi yo kapab trete.

  • Priye Bondye pou w fè l konnen jan w santi w. Li konnen w pi byen pase w konnen tèt ou e li vle ede w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje