KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?
Tèt espesyal remora a
Remora (pwason kole) yo se yon kalite pwason ki kapab ret kole byen di sou lòt bèt nan lanmè e yo ka dekole kò yo byen fasil san yo pa fè bèt yo te kole sou yo a mal. Kapasite sa a fè moun k ap fè rechèch yo poze anpil kesyon.
Fè yon ti reflechi: Pwason ki rele remora a konn kole kò l sou pwason zèl, reken, tòti, balèn ak lòt bèt nan lanmè, kèlkeswa kalite po bèt yo oswa koki yo. Remora yo manje parazit ak rès manje bèt yo kole sou yo a, toutpandan y ap pran woulib sou bèt sa yo e y ap pwofite pwoteksyon yo jwenn kont lòt bèt ki ka manje yo. Moun k ap fè rechèch yo ap etidye pati nan kò remora yo ki pèmèt yo ret kole sou lòt bèt yo, sa vle di ògàn ki sou tèt yo a, pou yo wè sa k fè pwason sa a rive ret kole byen fasil, men byen fèm, sou yon pakèt kalite sifas.
Remora yo ki akonpaye yon reken balèn
Remora yo gen yon ti ògàn ki gen fòm oval dèyè tèt yo ki aji tankou yon aspiratè. Ogàn sa a gen yon ti po toutotou l ki tankou po bouch ki pèmèt li ret kole byen di sou lòt bèt. Anndan ògàn nan, gen plizyè ti ranje po ki gen yon pakèt ti pikan byen di ladan yo. Lè ti ranje po yo kanpe byen rèd, ti pikan yo ret tache sou do bèt remora a kole sou li a. Se sa ki fè remora a ret kole byen di kèlkeswa vitès oswa direksyon bèt li kole sou li a pran.
Syantifik yo tèlman sezi wè kapasite remora a genyen pou l ret kole byen di, yo fè yon tep ki ka kole menm jan an. Tep sa a gen fòm oval e li ka ret kole byen di sou yon pakèt kalite sifas. Lè moun k ap fè rechèch yo eseye dekole tep la, yo pa rive fè sa menm lè yo fè gwo fòs sou li, yon fòs ki egal ak plizyè santèn fwa tep oval yo fè a.
Gen plizyè aplikasyon yo ka fè ak teknoloji ki baze sou kapasite remora a genyen pou l ret kole sou lòt bèt la. Yo ka itilize l pou yo fè etikèt pou met sou bèt ki nan lanmè lè y ap fè rechèch nan fon lanmè, e pou yo fikse anpoul oswa zouti sou sifas ki anba dlo nan pon yo ak bato yo.
Ki sa w panse? Èske kapasite remora a genyen pou l ret kole byen di a vin egziste grasa evolisyon? Oswa èske se fè yo te fè l?