KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?
Kapasite òmòn yo genyen pou yo ede kò a byen fonksyone
Pou kò a ka fonksyone, san an bezwen mineral tankou kalsyòm e l dwe gen yon kantite mineral byen presi. Men, kò a pa jwenn menm kantite mineral la chak jou. Donk, ki jan kò a fè pou l toujou kenbe kantite mineral egzak li bezwen an?
Kò yon moun ki an sante kontwole nivo mineral li genyen an lè l pwodui òmòn, lè l stoke yo e l lage yo nan san an. Òmòn yo se yon seri eleman chimik ki kontwole diferan fonksyon nan kò a. Menm yon ti kantite toupiti nan yon òmòn, kit li anplis, kit li an mwens, ka gen yon gwo efè sou kò a. Gen yon ansiklopedi (Encyclopedia Britannica) ki fè konnen pwosesis pou lage òmòn nan kò a “se pa yon bagay ki fèt pa aza, li fèt ak presizyon e li konplike”.
Pa egzanp, glann paratiwoyid ki nan kou a detekte tout ti chanjman toupiti nan kantite kalsyòm ki gen nan san an. An jeneral, tout moun gen kat nan glann sa yo e yo chak plizoumwen gwosè yon grenn diri.
Lè glann sa yo santi nivo kalsyòm kò a bese rive nan yon nivo, byen vit, petèt nan kèk segonn, yo lage yon òmòn pou fè zo yo konnen pou yo lage kalsyòm yo te sere yo nan san an. Òmòn sa a fè ren yo konnen tou ki lè pou yo sispann filtre kalsyòm yo pran nan san an e l fè ti trip yo konnen pou yo pran plis kalsyòm nan manje ki anndan yo.
Men, si san an gen twòp kalsyòm, tiwoyid la, ki se yon lòt glann apa, lage yon lòt òmòn. Òmòn li lage a fè zo yo konnen pou yo pran epi stoke plis kalsyòm e l fè ren yo konnen pou yo filtre epi elimine plis kalsyòm pase sa yo abitye fè.
Òmòn sa yo se sèlman de pami plis pase san òmòn kò moun itilize pou kontwole diferan aktivite ki fèt nan kò a.
Ki sa w panse? Èske kapasite òmòn yo genyen pou yo ede kò a byen fonksyone a se evolye li te evolye oswa se fè yo te fè l?