BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt p. 1766-1767
  • B1 Mesaj ki nan Bib la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • B1 Mesaj ki nan Bib la
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Apre 4026 anv. e. n.
  • 1943 anv. e. n.
  • Apre 1070 anv. e. n.
  • 29 e. n.
  • 33 e. n.
  • Nan zòn 1914 e. n.
  • Alavni
  • Yon pwofesi ki la depi byen lontan ki gen anpil valè pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Jewova fè konnen objektif li
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • “Sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
B1 Mesaj ki nan Bib la

B1

Mesaj ki nan Bib la

Édition imprimée

Jewova Dye gen dwa pou l dirije. Fason l dirije a se pi bon fason an. Objektif li pou tè a ak lèzòm pral reyalize.

Adan ak Èv nan jaden Edenn nan ak yon sèpan bò kote yo

Apre 4026 anv. e. n.

“Sèpan an” vle fè moun konprann Jewova pa gen dwa dirije nou e fason l dirije a pa bon. Jewova pwomèt l ap fè yon “desandans”, oswa “semans”, parèt k ap kraze sèpan an, anpalan de Satan (Jenèz 3:1-5, 15, nòt). Men, Jewova bay lèzòm tan pou yo dirije tèt yo anba enfliyans sèpan an.

Abraram ap koute pwomès Bondye

1943 anv. e. n.

Jewova fè Abraram konnen “desandans” lan ap soti nan fanmi Abraram. — Jenèz 22:18.

Wa David

Apre 1070 anv. e. n.

Jewova te bay wa David garanti “desandans” lan t ap soti nan fanmi l. Apre sa, li bay Salomon, pitit gason David la, menm garanti a. — 2 Samyèl 7:12, 16; 1 Wa 9:3-5; Ezayi 9:6, 7.

Jezi nan moman batèm nan

29 e. n.

Jewova fè konnen Jezi se “desandans” li te pwomèt la e li se Eritye twòn David la. — Galat 3:16; Lik 1:31-33; 3:21, 22.

Jezi nan moman l pral mouri

33 e. n.

Pandan yon ti tan, sèpan an, anpalan de Satan, te blese “desandans” Bondye te pwomèt la, lè l te fè touye Jezi. Men, Jewova resisite Jezi pou l retounen viv nan syèl la e li aksepte sakrifis Jezi a, sa ki sèvi kòm baz pou l padone peche desandan Adan yo epi ba yo lavi ki pap janm fini an. — Jenèz 3:15; Travay 2:32-36; 1 Korentyen 15:21, 22.

Sèpan an, Satan, yo te voye l sou tè a jan yo te pwomèt sa nan Revelasyon

Nan zòn 1914 e. n.

Jezi pimpe sèpan an, anpalan de Satan, sou tè a, e li fè l rete la pou yon tan. — Revelasyon 12:7-9, 12.

 Jezi ap dirije tè depi sou twòn li nan syèl la, jan liv Revelasyon an te anonse a

Alavni

Jezi pral met Satan nan prizon pou 1 000 an, e apre sa, l ap detwi l. Lè sa a, se kòmsi se kraze li pral kraze tèt Satan. Objektif Jewova te toujou gen pou tè a ak pou lèzòm pral reyalize, moun pap sal non Bondye ankò, e tout moun ap rekonèt se fason Bondye ap dirije a ki pi bon. — Revelasyon 20:1-3, 10; 21:3, 4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje