SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE MONN SA A PRALE?
Ki kote monn sa a prale?
ANE 2017 la te kòmanse ak yon deklarasyon yon gwoup syantifik te fè ki te bay gwo kè sote. Nan mwa janvye 2017 la, yo te fè konnen monn nan vin pi pre toujou pou l sibi pi gwo katastwòf ki te ka genyen an. Pou syantifik yo montre jis nan ki pwen katastwòf la toupre rive, yo itilize yon òlòj senbolik ki prèske rive sou minui, yon òlòj yo rele òlòj lafendimonn. Yo retire 30 segonn sou lè a, donk jodi a, òlòj lafendimonn nan manke de minit edmi pou l fè minui, sa ki montre, nan plis pase 60 ane ki pase yo, nou pa t janm pre konsa pou n sibi yon katastwòf.
Syantifik yo planifye pou yo fè yon lòt gade ankò nan ane 2018 pou yo wè konbyen tan k ap rete pou lafendimonn rive. Lè sa a, èske òlòj la ap toujou montre nou toupre pou n sibi yon katastwòf moun potko janm wè anvan? E ou menm, sa w panse? Ki kote monn sa a prale? Li gendwa difisil pou w reponn kesyon sa a. Dayè, menm espesyalis yo pa fin dakò sou sijè sa a. Se pa tout moun ki kwè pral gen yon lafendimonn.
Anfèt, gen plizyè milyon moun ki kwè pral gen yon bèl avni. Selon sa yo fè konnen, yo gen prèv ki montre lèzòm ak planèt nou an pap janm detwi e lèzòm pral viv pi byen. Èske nou kapab fè pawòl sa yo konfyans? Ki kote monn sa a prale toutbon?