BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 2 p. 14-15
  • Aprann pitit ou konprann byen ak mal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aprann pitit ou konprann byen ak mal
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA KI BYEN E KI SA KI MAL?
  • SA K FÈ L ENPÒTAN POU YO KONPRANN SA KI BYEN AK SA KI MAL?
  • FASON W KA ANSEYE YO SA KI BYEN AK SA KI MAL
  • 7 Bon prensip
    Reveye n! — 2018
  • Byen ak mal: Sa k gide anpil moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Èske prensip Bib la bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal enpòtan jodi a?
    Kèk lòt sijè
  • Bay pitit nou prensip moral
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 2 p. 14-15
Yon tifi k ap suiv manman l k ap fè yon madanm wè bous li ki tonbe

LESON 6

Aprann pitit ou konprann byen ak mal

KI SA KI BYEN E KI SA KI MAL?

Moun ki gen prensip moral yo konprann byen klè diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal. Se pa jan yo santi yo nan yon moman parapò ak yon bagay k ap fè yo konnen si l byen oswa si l mal. Okontrè, yo suiv prensip yo pou ede yo wè sa pou yo fè, menm lè pa gen moun k ap gade sa y ap fè.

SA K FÈ L ENPÒTAN POU YO KONPRANN SA KI BYEN AK SA KI MAL?

Timoun yo tande tout kalite vye ide konsènan sa ki byen ak sa ki mal, kit se lè y ap tande moun ki nan lekòl yo, kit se lè y ap koute mizik oubyen lè y ap gade fim ak pwogram televizyon. Sa y ap tande yo ka fè yo gen dout sou sa yo aprann konsènan byen ak mal.

Sa rive yo sitou lè yo vin jèn. Gen yon liv ki rele Pi lwen pase bèl pawòl (anglè) ki di anvan peryòd sa a rive, yo “bezwen konprann gwo presyon kondisip yo ak medya yo ap fè sou yo pou yo vin popilè e pou lòt moun aksepte yo, e yo bezwen aprann fè sa yo konnen ki dwat, menmsi sa pa fè zanmi yo plezi”. Sa klè, nou bezwen fòme timoun nou yo anvan yo vin jèn.

FASON W KA ANSEYE YO SA KI BYEN AK SA KI MAL

Aprann li fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal.

PRENSIP BIBLIK: “Moun ki gen matirite [...] fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — Ebre 5:14.

  • Itilize mo ki montre l byen klè sa ki byen ak sa ki mal. Nan sitiyasyon k ap pase chak jou yo, fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal parèt byen klè lè w di: “Sa dwat; sa pa dwat”, “Sa kòrèk; sa pa kòrèk”, “Sa bon; sa pa bon”. Ofiramezi tan ap pase, pitit ou ap vin konnen ki sa k bon pou l fè e ki sa k pa bon pou l pa fè.

  • Esplike l sa k fè yon bagay byen oswa mal. Pa egzanp, poze l kesyon tankou kesyon ki vin apre yo: Poukisa li pi bon pou yon moun onèt? Ki jan manti ka kraze amitye? Poukisa li pa bon pou yon moun vòlè? Li enpòtan pou w byen rezone ak timoun nan pou w ede l devlope kapasite pou l konprann byen ak mal.

  • Montre l poukisa li bon pou l gen prensip moral. Ou ka di l: “Si w onèt, lòt moun ap fè w konfyans” oswa “si w janti, lòt moun ap kontan rete bò kote w”.

Asire w li konnen tout fanmi an ap suiv bon prensip.

PRENSIP BIBLIK: “Kontinye teste sa nou menm nou ye.” — 2 Korentyen 13:5.

  • Li dwe parèt klè fanmi w ap suiv prensip ou gen sou sa ki byen ak sa ki mal, konsa, w ap ka di avèk senserite:

    • “Nan fanmi nou, nou pa bay manti.”

    • “Nou pa frape lòt moun, ni rele sou yo.”

    • “Nou pa pale rèd ak lòt moun, ni nou pa joure yo.”

Pitit ou a ap wè prensip ou genyen anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal se pa jis règ pou l suiv, men se tout fanmi an k ap suiv prensip sa yo.

  • Pale ak pitit ou a souvan sou prensip nou suiv nan fanmi an. Sèvi ak sitiyasyon k ap pase chak jou pou w anseye l. Ou ka konpare prensip ou yo ak sa y ap di nan medya yo oubyen nan lekòl li. Poze l kesyon tankou: “Ki sa w t ap fè?” “Ki jan fanmi nou t ap jere sitiyasyon sa a?”

Ankouraje l pou l kontinye fè sa ki byen.

PRENSIP BIBLIK: “Se pou konsyans nou rete klè.” — 1 Pyè 3:16.

  • Felisite l pou bon konpòtman l. Si pitit ou fè yon bon bagay, felisite l epi di l poukisa w felisite l. Pa egzanp, ou kapab di l: “Ou te montre w onèt. Mwen fyè de ou.” Si l fè w konnen li fè yon bagay mal, felisite l ak tout kè w poutèt li onèt anvan w korije l.

  • Korije move konpòtman l genyen. Ede pitit ou aksepte konsekans aksyon l. Timoun yo dwe konnen sa yo fè ki mal ak lè konpòtman yo pa ale nan menm sans ak prensip moral fanmi an ap suiv yo. Gen kèk paran ki pa di pitit yo sa yo fè ki mal, paske yo pa vle pou sa dekouraje pitit yo. Sepandan, lè w pale ak pitit ou sou yon bagay li fè ki mal, sa ap ede l fòme konsyans li e sa ap ede l evite fè sa ki mal alavni.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa paran yo ka fè pou ede pitit yo, al sou sit jw.org/ht a.

Yon tifi k ap suiv manman l k ap fè yon madanm wè bous li ki tonbe

FÒME L DEPI KOUNYE A

Lè timoun yo wè paran yo onèt, sa ede yo pou yo onèt tou menm lè pa gen moun k ap gade yo.

Anseye l grasa egzanp ou

  • Èske pitit mwen wè m se yon moun k ap viv ann amoni ak prensip ki enpòtan nou gen nan fanmi an, ni nan sa m ap di, ni nan sa m ap fè?

  • Èske mwen menm ak moun mwen marye avè l la ap ankouraje pitit nou suiv menm prensip?

  • Pafwa, èske m konn di oswa m konn panse yon prensip pa valab pou mwen, se pou pitit mwen l valab?

Men sa kèk paran di:

“Nou te konn pale ak pitit nou yo sou byenfè lòt moun jwenn poutèt yo te fè sa ki byen. Nou te konn pale avèk yo tou sou sa lòt moun te sibi lefètke yo te pran move desizyon. Lè timoun nou yo te fè n konnen gen yon jèn parèy yo ki te pran yon move desizyon, nou te pale avèk yo sou sa pou yo pa t fè menm erè a.” — Nicole.

“Lè pitit fi nou an te jèn anpil, nou te konn di l li gen de chwa: swa li fè sa ki byen, swa li fè sa ki mal, e nou te esplike l yo chak gen rezilta pa yo. Sa te ede l aprann pran desizyon. Leson sa a te itil li anpil, paske kèlkeswa laj nou, nou tout gen pou n pran anpil desizyon nan lavi a.” — Yolanda.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje