Entwodiksyon
Nan yon sans, tout moun jwenn pwoblèm, petèt se maladi, yon aksidan, yon katastwòf natirèl oswa yon zak vyolans.
Moun yo ap chèche konnen rezon ki fè sa.
Gen kèk moun ki panse se akoz desten ki fè moun soufri oswa se paske nou pa gen kontwòl sou tout sa k rive nou.
Gen lòt ki kwè nan kama, yo panse nou soufri paske nou te fè yon bagay ki mal anvan nan lavi nou oswa nan yon lòt vi nou t ap mennen anvan sa.
Byen souvan, pwoblèm moun yo jwenn konn fè yo poze kesyon, men yo pa toujou jwenn repons pou yo.