4. Èske nou te fèt pou n soufri?
Rezon ki fè sa enpòtan
Repons kesyon sa a gen efè sou fason n konsidere lavi a.
Fè yon ti reflechi
Èske sa fè sans pou Bondye ki kreye tout bèl bagay sa yo nan monn nan ta fè nou pou n viv nan soufrans?
Gen moun ki pa enterese nan relijyon ki konsidere soufrans kòm yon baz pou yo mete objektif Bondye yo an dout, oubyen pou yo menm montre l pa egziste. Yo kwè soufrans yo montre 1) swa Bondye pa gen pouvwa pou l met fen nan yo, 2) swa Bondye pa vle met fen nan yo, 3) oubyen Bondye pa egziste.
Èske vrèmanvre sa yo se sèl rezon ki esplike poukisa n ap soufri?
CHÈCHE KONN PLIS
Gade videyo Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite? ki disponib sou jw.org/ht.
Men sa Bib la di
Bondye pa t kreye nou pou n soufri.
Li vle nou jwi lavi a.
“Mwen rive konprann sa ki pi bon pou yo se pou yo gen kè kontan e se pou yo fè sa ki byen pandan tout lavi yo. Epitou, se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.” — EKLEZYAS 3:12, 13.
Bondye te bay de premye moun yo tout sa yo te bezwen pou yo viv san yo pa soufri.
Li pa t kreye ni yo menm ni desandan yo pou yo soufri.
“[Bondye] te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.’” — JENÈZ 1:28.
De premye moun yo te chwazi dezobeyi Bondye.
Se poutèt sa, yo menm ak tout desandan yo vin nan anpil soufrans.
“Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” — WOMEN 5:12.a
Bondye pa t bay lèzòm kapasite pou yo dirije tèt yo.
Menm jan Bondye pa t kreye lèzòm pou yo viv anba dlo, se konsa tou li pa t kreye yo pou yo dirije tèt yo.
“Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” — JEREMI 10:23.
Bondye pa vle nou soufri.
Li vle nou evite pwoblèm toutotan sa posib.
“Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche.” — EZAYI 48:18.
a Nan Bib la, lè yo pale de “peche”, yo vle pale de move aksyon yon moun fè, men tou, yo vle pale de yon bagay tout moun eritye.