BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 2 p. 4-6
  • Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA W TA DWE KONNEN
  • MEN SA W KA FÈ
  • Ki efè rezo sosyal yo genyen sou mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?
    Èd pou fanmi
  • Ki sa pou m fè si paran m pa vle m sèvi ak rezo sosyal?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Rezo sosyal yo — 2yèm pati: Aprann pitit ou evite danje ki genyen sou rezo sosyal yo
    Èd pou fanmi
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 2 p. 4-6
Zanmi ki nan diferan pati nan monn nan ki rete an kontak grasa apèl videyo.

Ki Efè Teknoloji Genyen Sou: Amitye w Yo?

Grasa mesaj tèks, imel, videyo konferans ak rezo sosyal, de moun ka kominike byen fasil menmsi y ap viv byen lwen youn lòt. Pou yo menm, teknoloji se yon sèvitè ki itil anpil.

Sepandan, moun ki plis sèvi ak teknoloji pou kenbe amitye yo gen tandans:

  • montre mwens konpasyon pou zanmi yo.

  • santi yo poukont yo e yo debousole.

  • vin egoyis olye yo panse ak lòt moun.

SA W TA DWE KONNEN

Yon jèn tifi ki rete byen ta nan aswè sou Entènèt. L ap gade yon bagay yo poste ki gen 723 000 moun ki te wè l.

KONPASYON

Konpasyon mande pou nou pran tan pou nou pran ka lòt moun avèk pasyans. Yon bagay ki ka sanble difisil pou fèt akoz kantite bagay y ap poste sou rezo sosyal yo ak pakèt mesaj n ap voye oswa n ap resevwa.

Avèk letan, si se teknoloji k ap kontwole w, menm reponn mesaj yon zanmi w voye ka sanble yon chay. Kounye a, objektif ou se efase mesaj ou yo olye w ede yon zanmi ki nan bezwen.

FÈ YON TI REFLECHI: Ki jan nou ka “montre nou gen senpati” lè n ap sèvi ak teknoloji pou n kominike ak zanmi nou yo? — 1 PYÈ 3:8.

DEBOUSOLE

Yon etid fè konnen anpil moun santi yo pi mal apre yo fin pase tan sou rezo sosyal yo. Moun k ap fè rechèch yo rive wè lè yon moun rete ap gade foto oswa mizajou lòt moun fè sou pwofil yo, “sa ka fè l santi li pa regle anyen ki serye.”

Mete sou sa, rete ap gade bèl foto lòt moun poste ka fè yon moun panse lavi pa l pa enteresan. Epitou, sa ka fè l panse afè tout lòt moun ap byen mache alòske li menm lavi pa l raz.

FÈ YON TI REFLECHI: Lè n ap sèvi ak rezo sosyal, ki jan nou ka evite konpare tèt nou ak lòt moun yon fason ki negatif? — GALAT 6:4.

EGOYIS

Yon pwofesè remake kèk nan elèv li yo plis ap chèche amitye kote sa k plis enterese yo se “kiyès ki avè m?”a Relasyon konsa plis chita sou sa moun nan ka jwenn nan amitye a. Yon moun konsa ka kòmanse wè zanmi l yo tankou aplikasyon ki sou aparèy li kote li ka sèvi avèk yo lè l vle oswa li fèmen yo lè l vle.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske sa w poste sou Entènèt yo montre w gen tandans fè konpetisyon oswa w konsantre twòp sou tèt ou? — GALAT 5:26.

MEN SA W KA FÈ

EGZAMINE FASON W SÈVI AK TEKNOLOJI

Lè teknoloji se sèvitè w olye l se mèt ou, l ap ede w kenbe kontak ak zanmi w yo, e menm vin pi pwòch ak yo.

PRENSIP BIBLIK: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 KORENTYEN 13:4, 5.

Make sijesyon ou ta renmen eseye yo oswa ekri pwòp ide pa w.

  • Gen plis konvèsasyon moun ak moun olye nou sèlman voye tèks oswa imel

  • Mete telefòn nan sou kote oswa sou silans lè n ap pale ak lòt moun

  • Diminye nan tan nou pase sou rezo sosyal nan gade sa lòt moun fè oswa sa yo di

  • Aprann byen koute

  • Kontakte yon zanmi nou k ap pase move moman

a Nou jwenn enfòmasyon sa a nan liv Reclaiming Conversation.

MANDE TÈT OU:

  • Èske m gen yon bon relasyon ak moun mwen renmen e ki renmen m tou?

  • Konbyen fwa yon apèl, yon mesaj tèks oswa yon enfòmasyon entèwonp yon konvèsasyon mwen gen ak zanmi m?

  • Èske foto ak kòmantè mwen poste sou rezo sosyal yo fè lòt moun panse mwen twò konsantre sou tèt mwen?

  • Ki jan m santi m apre m fin pase tan sou rezo sosyal?

  • Ki ajisteman mwen ta ka fè pou fason mwen sèvi ak teknoloji pa anpeche m fè bon zanmi?

    PRENSIP BIBLIK: “Lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — FILIPYEN 2:4.

Emily.

“Amitye mande tan ak efò. Vrèmanvre ou ka gen kèk grenn zanmi. Se pa kantite zanmi an men se kalite a. Bon zanmi yo chèche enterè pa w, e ou menm ou chèche enterè pa yo tou.” — EMILY

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje