BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 2 p. 13-15
  • Ki efè teknoloji genyen sou fason w panse?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki efè teknoloji genyen sou fason w panse?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA W TA DWE KONNEN
  • MEN SA W KA FÈ
  • Ki sa m dwe konnen sou kesyon fè plizyè bagay anmenmtan an?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo
    Èd pou fanmi
  • Ki jan m ka aprann konsantre?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Nan nimewo sa a
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 2 p. 13-15
Yon mesye k ap gade yon videyo ki bay kou kuizin pandan l ap fè manje.

Ki Efè Teknoloji Genyen Sou: Fason w Panse?

Moun toujou ap aprann, kit se nan lekòl, nan travay oswa pou lòt rezon. Teknoloji ka ede moun aprann. Pa t janm gen yon moman konsa nan listwa kote enfòmasyon te fasil pou w jwenn konsa, san w pa menm bezwen kite lakay ou oswa leve sou chèz ou.

Sepandan, anpil moun ki sèvi anpil ak teknoloji rann yo kont:

  • yo gen difikilte pou yo konsantre pandan y ap fè lekti.

  • yo gen difikilte pou yo konsantre sou yon bagay alafwa.

  • yo vin santi yo raz byen vit lè yo poukò yo.

SA W TA DWE KONNEN

Yon jèn tifi k ap fè plizyè bagay alafwa. L ap ekri yon mesaj sou telefòn entèlijan l lan, li nan apèl videyo ak yon zanmi l e l ap sèvi ak yon òdinatè epi yon kaye pou l etidye.

LEKTI

Souvan moun ki sèvi ak aparèy elektwonik yo pa gen pasyans pou yo li tout yon atik.

Yon lekti rapid bon si w bezwen jwenn repons pou yon kesyon byen vit. Toutfwa, li ka anpeche w byen konprann lè w bezwen analize yon sijè an pwofondè.

FÈ YON TI REFLECHI: Jis nan ki pwen ou ka li yon pòsyon tèks ki long? Ki jan lè w fè sa sa ka ede w pwogrese nan lekti? — PWOVÈB 18:15.

KONSANTRASYON

Gen moun ki fè konnen teknoloji ba yo mwayen pou yo fè de travay anmenmtan, pa egzanp, y ap ekri zanmi yo pandan y ap etidye. Men lè yo pataje konsa ant de aktivite, yo riske pa fè ni youn ni lòt kòrèkteman, sitou si toude mande konsantrasyon.

Konsantrasyon mande pou yon moun disipline tèt li, men efò yo vo lapèn. Men sa yon jèn ki rele Grace fè konnen: “Ou fè mwens erè e w gen mwens strès. M te aprann li pi bon pou m konsantre sou yon sèl bagay alafwa olye m kite m distrè nan fè plizyè bagay anmenmtan.”

FÈ YON TI REFLECHI: Èske lefètke w ap fè plizyè bagay anmenmtan sa anpeche w konprann epi sonje sa w aprann yo? — PWOVÈB 17:24.

SOLITID

Gen moun ki pa konfòtab lè yo poukont yo nan yon espas ki trankil, e yo konte sou teknoloji pou distrè yo. Men sa yon dam ki rele Olivia fè konnen: “M santi m raz menmsi se pou 15 minit si m pa gade telefòn mwen, tablèt mwen oswa m pa limen tele a.

Sepandan, moman kote yon moun poukò l se yon bon opòtinite pou fè refleksyon ki pwofon, yon etap enpòtan pou moun aprann, pa sèlman pou moun ki jèn yo men pou granmoun yo tou.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske w ka fè yon fason pou w pi byen sèvi ak moman kote w poukò w yo? — 1 TIMOTE 4:15.

MEN SA W KA FÈ

EGZAMINE FASON W SÈVI AK TEKNOLOJI

Ki kèk fason w ta ka sèvi ak teknoloji pou w amelyore fason w reflechi? Ki kèk fason w ka sèvi ak teknoloji ki ka anpeche w sèvi ak kapasite pou konsantre e pou w aprann nan?

PRENSIP BIBLIK: “Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — PWOVÈB 3:21.

MANDE TÈT OU:

  • Èske m gen difikilte pou m konsantre lè m ap li yon pòsyon tèks ki long sou yon ekran? Si se sa, ki bagay an jeneral ki lakòz mwen distrè?

  • Ki sa mwen ka fè pou m redui oswa menm elimine bagay k ap distrè m yo?

Ide: Kòmanse li yon ti pòsyon tèks tou kout okòmansman epi tikras pa tikras ogmante kantite sa w li a. Li awotvwa, tou dousman, pou w ret konsantre sou sa w ap li a.

  • Ki ajisteman mwen ka fè pou m ka jwenn kantite tan ki apwopriye pou m reflechi sou sa m te li a?

Ide: Sèvi ak dis dènye minit nan moman w ap etidye a pou w fè yon revizyon sou sa w te aprann yo.

  • Nan ki okazyon mwen plis gen tandans pou m fè plizyè bagay anmenmtan?

  • Ki aranjman m ka fè pou m ka konsantre sou yon bagay alafwa?

Ide: Mete bagay ki ka fè w distrè yo lwen kote w ap etidye a, konsa ou pap gen tantasyon pou w fè plizyè bagay anmenmtan.

PRENSIP BIBLIK: “Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann.” — PWOVÈB 4:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje