BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 3 p. 8-9
  • Ki sa syantifik yo pa ka di nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa syantifik yo pa ka di nou?
  • Reveye n! — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Fason lasyans enfliyanse lavi nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Kèk lòt sijè
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ede pitit nou yo pou yo gen yon lafwa solid nan Kreyatè a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 3 p. 8-9
Yon pwofesè syans k ap fè yon konvèsasyon ak kèk nan elèv li yo.

Ki sa syantifik yo pa ka di nou?

Syantifik yo sanble etidye prèske tout aspè ki gen nan linivè. Poutan, gen yon bann kesyon enpòtan yo pa ka reponn.

Èske lasyans te fè konnen ki jan linivè ak lavi te kòmanse? Repons senp lan se non. Gen moun ki fè konnen gen yon branch nan lasyans ki rele kosmoloji ki ka esplike orijin linivè. Sepandan, men ki repons Marcelo Gleiser, yon pwofesè nan astwonomi nan Dartmouth College, ki pa kwè nan Bondye te bay: “Nou pa t bay esplikasyon sou orijin linivè ditou.”

Menm jan an tou, konsènan orijin lavi, men sa yon atik nan peryodik Science News rapòte: “Li ka enposib pou n etabli ki jan lavi te kòmanse sou tè a toutbon, pifò achiv jeyolojik sou sa k te pase toutbon lè tè a t ap pran fòm disparèt sa gen lontan.” Pawòl sa yo montre lasyans poko reponn kesyon sa a: ki jan linivè ak lavi te kòmanse?

Men ou ka ap mande tèt ou, ‘Si se kreye yo te kreye lavi sou tè a, kiyès ki Kreyatè a?’ Ou ka ap poze kesyon sa yo tou: ‘Si yon Kreyatè ki saj e ki gen lanmou egziste, poukisa l ta pèmèt moun li kreye yo ap soufri? Poukisa pou l ta pèmèt tout fòm relijyon dozado sa yo? Poukisa pou l ta kite adoratè l yo ap fè tout move bagay sa yo?’

Lasyans poukont li, pa ka reponn kesyon sa yo. Men sa pa vle di ou pa ka jwenn repons lojik pou yo. Anfèt, anpil moun te jwenn repons ki ba yo satisfaksyon nan Bib la.

Si w ta vle wè rezon ki fè kèk syantifik ki te pran tan pou etidye Bib la di yo kwè nan yon Kreyatè, ale sou jw.org. Chèche seri videyo “Kèk opinyon sou fason lavi te kòmanse”.

Lasyans ak Labib te konvenk yo

Georgiy N. Koidan, yon chimis

“Nan travay mwen, souvan mwen gen pou m ‘rasanble’ molekil. Se tankou lè w ap jwe echèk, ou bezwen planifye plizyè kou alavans. Si w bliye yon etap molekil la ka gaye. Se vre travay mwen konplike, men li tou senp lè w konpare l ak plizyè milye reyaksyon chimik k ap fèt anndan selil ki vivan yo pou yo pwodui yon seri molekil chimik konplike. Sa fè m kwè dwe gen yon Gran Chimis, yon Kreyatè.

“Lè m te etidye Bib la, m te vin konprann li pa yon liv konsa konsa. Yo te fin ekri Bib la sa gen prèske 2 000 an, men m santi konsèy li bay yo toujou itil jis jounen jodi a. Sa li di sou fason pou jere pwoblèm nan fanmi, nan travay ak nan vwazinaj yo vrèman mache. M te rive konprann se sèlman yon moun ki gen yon entèlijans ki siperyè ki te ka bay kalite konsèy fyab sa yo.”

Yan-Der Hsuuw, yon anbriyolojis

“Pandan yon anbriyon ap devlope, tout selil yo dwe kowopere youn ak lòt pou yo transfòme yon seri selil pou vin tounen nè, mis, zo, san ak yon seri lòt tisi k ap vin tounen yon moun. Pwosesis ki jere devlopman yon anbriyon depase sa nou ka konprann nan lontan. Dapre mwen menm, lavi dwe soti nan yon moun ki entèlijan.

“Pou mwen menm, fason yon anbriyon grandi nan vant manman l, jan Bib la dekri sa nan Sòm 139:15, 16, sanble ak sa syantifik yo te dekouvri pandan plizyè dizèn ane ki sot pase yo. Ki jan yon deskripsyon presi konsa te ka parèt nan Bib la depi tout tan sa, si se pa t Kreyatè a ki te fè moun nan ekri l?”

Gade videyo ki gen tit Rocío Picado Herrero: Yon pwofesè chimi ap bay rezon ki fè li kwè gen yon Kreyatè. Chèche tit videyo a sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje