BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 3 p. 14-15
  • Poukisa repons lan enpòtan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa repons lan enpòtan?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Lavi w ap gen sans
  • W ap jwenn bonjan konsèy pou gide w nan lavi a
  • W ap jwenn repons pou kesyon w yo
  • W ap gen espwa pou lavni
  • Ki sa ki verite konsènan Bondye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Kiyès Bondye ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 3 p. 14-15
Yon gwoup zanmi k ap admire bèt sou yon pye bwa.

Poukisa repons lan enpòtan?

Poukisa nou bezwen konnen si gen yon Kreyatè? Si se vre gen yon Kreyatè Toupisan ki egziste, ebyen w ka bezwen egzamine prèv ki montre se li ki enspire Bib la. E si w kwè nan sa Bib la di, ebyen w ap jwenn byenfè ki vin annapre yo.

Lavi w ap gen sans

SA BIB LA DI: “[Bondye] fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” — Travay 14:17.

SA SA VLE DI: Tout sa n ap pwofite nan monn ki toutotou nou an se yon kado Kreyatè a bay. W ap pi byen apresye kado sa yo si w aprann plis sou fason Moun ki bay yo a gen sousi pou ou.

W ap jwenn bonjan konsèy pou gide w nan lavi a

SA BIB LA DI: “W ap konprann sa ki jis, sa ki dwat ak sa ki bon, sa vle di tout sa ki byen.” — Pwovèb 2:9.

SA SA VLE DI: Piske se li ki Kreyatè w, Bondye konnen sa w bezwen pou w gen kè kontan. Lè w egzamine Bib la, ou ka aprann yon seri leson k ap bon pou ou depi kounye a.

W ap jwenn repons pou kesyon w yo

SA BIB LA DI: “W ap vin gen konesans sou Bondye.” — Pwovèb 2:5.

SA SA VLE DI: Lè w vin konnen gen yon Kreyatè ki egziste, sa ka ede w jwenn repons pou yon seri kesyon fondamantal tankou: Ki sans lavi a? Poukisa gen tout soufrans sa yo? Ki sa k rive nou lè nou mouri? Ou ka jwenn repons ki bay satisfaksyon Bib la bay pou kesyon sa yo.

W ap gen espwa pou lavni

SA BIB LA DI: “‘Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.’” — Jeremi 29:11.

Gade videyo sa yo sou jw.org: Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite? avèk Pawòl kiyès ki nan Bib la? Ou ka jwenn chak videyo sa yo lè w tape “Bib laverite” oswa “Bib pawòl kiyès” nan espas pou fè rechèch la.

SA SA VLE DI: Bondye pwomèt alavni li pral elimine mechanste, soufrans e menm lanmò. Lè w kwè nan pwomès Bondye yo, espwa w gen nan yon kalite avni konsa ap ede w fè fas ak pwoblèm n ap rankontre nan lavi a chak jou avèk kouraj.

Fason kèk moun te jwenn byenfè lefètke yo kwè nan yon Kreyatè

Cyndi.

“Bondye tèlman ede nou nan anpil aspè nan lavi a, m toujou rete bouch ouvè. Soti nan fason pou n fikse priyorite nan lavi a, pase pran fason pou n jere pwoblèm yo, rive nan fason pou n vin zanmi Bondye.” — Cyndi, Etazini.

Elise.

“Lefètke m kwè nan yon Kreyatè, sa fè lavi m enteresan e m satisfè. Sa ankouraje m nan domèn entèlektyèl, paske, ap toujou gen anpil bèl bagay pou m dekouvri sou li, sou kreyasyon l lan ak sou Pawòl li a.” — Elise, Lafrans.

Peter.

“Lè m aplike sa Kreyatè a anseye m nan Bib la, sa fè m vin yon moun ki gen plis kè kontan. Li ede m pou m pa toujou ap kritike, pou m plis atantif e pou m kontante m. Epitou, li ede m pou m vin yon pi bon papa.” — Peter, Peyiba.

Liz.

“Lontan, Lavi m te tankou yon ale vini ant manje, dòmi epi goumen pou m rive a lè nan travay. M t ap debat ak lavi a! Kounye a m wè lavi a tankou yon kado estrawòdinè yon moun dwe byen pwofite e byen jere.” — Liz, Estoni.

Adrien.

“M se yon moun ki toujou ap enkyete m. Men lefètke m konnen mechanste, enjistis ak soufrans pral fini, sa ede m kenbe.” — Adrien, Lafrans.

Gade ki jan Bib la reponn yon seri gwo kesyon sou lavi a. Gade videyo ki gen tit Poukisa nou dwe etidye Labib? — Videyo konplè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje