BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g22 no 1 p. 4-6
  • 1 | Pwoteje sante w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 | Pwoteje sante w
  • Reveye n! — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA ENPÒTAN?
  • Sa w ta dwe konnen
  • Sa w ka fè kounye a
  • Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann
    Kèk lòt sijè
  • Sante
    Reveye n! — 2019
  • Annou toujou gen yon pwennvi biblik sou fason pou nou pran swen sante nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ki sa w ka fè lè w anba strès?
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2022
g22 no 1 p. 4-6
Divès kalite manje ki bon pou sante ki sou yon tab.

YON MONN TÈT ANBA

1 | Pwoteje sante w

POUKISA SA ENPÒTAN?

Yon kriz oswa yon dezas ka gen move efè sou sante moun yo diferan fason.

  • Lè moun ap fè fas ak pwoblèm, sa ka lakòz yo strese, e yon strès ki dire lontan fè li pi fasil pou yo malad.

  • Nan moman kriz yo, sistèm medikal la ka rive nan limit li e li ka difisil pou moun jwenn swen medikal.

  • Kalamite yo afekte moun yo nan domèn finansye, sa ki lakòz yo pa gen mwayen pou yo peye pou bagay ki esansyèl tankou manje ki bon pou yo ak swen sante.

Sa w ta dwe konnen

  • Gwo maladi ak strès nan domèn mantal ka afekte jijman w, sa ki ka fè w neglije abitid ki bon pou sante w. E kòm rezilta, ou ka vin malad plis toujou.

  • Si w pa trete pwoblèm sante w yo, yo ka vin anpire e yo ka menm konplike lavi w.

  • Plis ou an sante, se plis w ap pi byen prepare pou w pran bonjan desizyon nan mitan tètchaje yo.

  • Kèlkeswa sitiyasyon ekonomik ou, ou ka fè kèk bagay pou w pwoteje sante w.

Sa w ka fè kounye a

Depi sa posib, yon moun ki saj pran an konsiderasyon danje ki genyen e li fè kèk bagay alavans pou l evite yo. Se menm bagay la nan domèn sante tou. Souvan, nou ka redui risk pou nou pran maladi oswa pou nou vin pi grav lè nou kenbe tèt nou ak lakay nou pwòp. Evite miyò pase mande padon!

“Lè nou kenbe tèt nou ak kote n ap viv la pwòp, sa vrèman ka ede nou fè ekonomi nan kesyon al kay doktè ak achte medikaman.” — Andreas.a

a Nan peryodik sa a gen kèk non yo chanje.

SA W KA FÈ — Kèk konsèy ki ka ede w

Nan peryòd tèt chaje yo, pwoteje sante w lè w suiv etap pratik sa yo

KENBE TÈT OU AK LAKAY OU PWÒP

Yon mesye ki deyò k ap lave men l ak dlo epi savon.

Kenbe tèt ou ak lakay ou pwòp

Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Eseye prevwa bagay ki ka yon danje pou sante w epi evite yo.

  • Lave men w souvan ak savon ak dlo, sitou anvan w manyen sa w pral manje oswa lè w sot nan twalèt.

  • Netwaye kay ou regilyèman epi dezenfekte l, sitou zòn ak bagay moun manyen souvan yo.

  • Depi sa posib, evite kontak sere ak moun ki gen yon maladi ki trapan.

MANJE MANJE KI BON POU SANTE W

Divès kalite manje ki bon pou sante ki sou yon tab.

Manje manje ki bon pou sante w

Men sa Bib la di: “Pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l.” (Efezyen 5:29). Nou montre nou renmen tèt nou lè nou fè atansyon ak sa n ap met nan kò nou.

  • Bwè anpil dlo.

  • Manje diferan kalite fwi ak legim.

  • Limite kantite grès, sèl ak sik w ap pran.

  • Pa sèvi ak tabak, pa pran twòp alkòl, pa pran dwòg oswa medikaman san kontwòl.

“Pou n evite pran maladi, nou eseye manje sa ki bon pou sante nou. Sinon, nou t ap oblije depanse tout ti kòb nou kay doktè. Nou prefere envesti pito nan manje ki bon pou sante nou.” — Carlos.

FÈ EGZÈSIS EPI PRAN ASE REPO

Yon mesye k ap kouri nan yon wout an tè.

Fè egzèsis

Men sa Bib la di: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” (Eklezyas 4:6). Nou bezwen fè ekilib ant travay nou ak pran ase repo.

  • Rete aktif fizikman. Ou ka kòmanse fè sa lè w fè ti mache regilyèman. Aktivite fizik ka amelyore sante w menmsi w granmoun, ou andikape oswa ou limite akoz maladi kwonik.

  • Yon jèn dam k ap fè yon ti kabicha.

    Repoze

    Byen repoze. Nan yon tikras tan, lè yon moun pa dòmi ase, sa ka ogmante strès li e redui konsantrasyon l. Alalong, sa ka mennen nan pi gwo pwoblèm sante.

  • Fikse yon lè rezonab pou nou al dòmi e respekte l. Eseye al dòmi e leve nan menm lè a chak jou.

  • Evite gade televizyon oswa sèvi ak aparèy elektwonik lè n kouche.

  • Evite pran gwo manje, bagay ki gen kafeyin ak alkòl anvan n al dòmi.

“M remake fason m dòmi gen efè sou sante m nan tout domèn. Si m pa dòmi ase, pafwa m gen tèt fè mal e tout kò m kraze. Men lè m byen dòmi, m santi m dizòm! M gen anpil enèji, e m malad mwen souvan.” — Justin.

Yon sèn nan videyo “Ki sa w kapab fè lè yon viris ap gaye?” Yon dam ki ofri pòt pa devan kay li pou yon patikil coronavirus.

APRANN PLIS. Gade videyo Ki sa w kapab fè lè yon viris ap gaye? Chèche tit videyo a sou jw.org. Epitou, li atik “Fason w ka amelyore sante w.” Chèche tit atik la sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje