BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 12
  • Lèzòm konstwi yon tou men wotè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèzòm konstwi yon tou men wotè
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Gwo gwo bilding Babèl la
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Èske lang nou pale yo te egziste lè yo t ap konstwi “Tou Babèl” la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 12
Moun k ap konstwi yo ap pale lang diferan e yo pa kapab kominike youn ak lòt.

ISTWA 12

Lèzòm konstwi yon tou men wotè

ANPIL ane te pase. Pitit Noye yo te vin gen yon pakèt timoun. Timoun yo te vin gran e yo te vin fè plis timoun toujou. Se konsa apre kèk tan, tè a te vin gen anpil moun sou li.

Youn nan moun sa yo, se te yon pitit pitit pitit Noye ki te rele Nimwòd. Nimwòd se te yon move moun. Li te konn al lachas dèyè ni moun ni bèt e l te konn touye yo. Li te fè tèt li wa pou l te kapab domine sou lòt moun. Bondye pa t renmen Nimwòd.

Tou Babèl la

Nan epòk sa a, tout moun te pale yon sèl lang. Nimwòd te vle pou yo tout ret ansanm dekwa pou l te kapab kenbe yo anba dominasyon l. Ou konn ki sa l te fè ? Li di moun yo pou yo bati yon vil epi pou yo bati yon tou men wotè anndan vil la. Gade moun yo nan foto a k ap fè brik.

Konstriksyon yo t ap fè a pa t fè kè Jewova Dye kontan. Bondye te vle pou moun te deplase al viv tout kote sou tè a. Men, moun yo te di konsa : ‘ Vini ! Ann bati yon vil ansanm ak yon tou byen wo, pou pwent tèt li rive jis nan syèl la. Lè sa a, n ap vin gen gwo renome ! ’ Moun yo te vle onore tèt yo olye pou yo onore Bondye.

Donk, Bondye fè moun yo kanpe konstriksyon an. Ou konn ki jan Bondye te fè sa ? Olye tout moun ret pale yon sèl lang, bridsoukou, li fè moun yo pale plizyè lang. Sa te fè bòs yo pa ka konprann sa youn ap di lòt. Se sa ki fè yo te vin rele vil yo a Babèl, oswa Babilòn, mo ki vle di “ konfizyon ”.

Lè sa a, moun yo vin deplase kite Babèl. Gwoup moun ki pale menm lang yo te deplase al viv ansanm lòt kote sou tè a.

Jenèz 10:1, 8-10 ; 11:1-9.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje