BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 24
  • Jozèf teste frè l yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jozèf teste frè l yo
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jewova pa t janm bliye Jozèf
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Èske mwen nan plas Bondye?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Frè Jozèf yo rayi l
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Tande yon rèv mwen fè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 24
Sèvitè ejipsyen yo jwenn koup ann ajan Jozèf la nan sak frè l yo.

ISTWA 24

Jozèf teste frè l yo

JOZÈF vle konnen si dis frè l yo toujou mechan, toujou san pitye menm jan an. Se poutèt sa li di yo konsa : ‘ Se espyon nou ye. Se pwen fèb peyi a nou vin chèche konnen. ’

Frè l yo reponn : ‘ Non, nou pa espyon. Nou se moun onèt. Nou tout se frè. Nou te 12 frè. Men gen youn ki pa la ankò. E pi piti a ret lakay ak papa nou. ’

Jozèf pran pòz li pa kwè. Li kenbe youn nan frè yo ki rele Simeyon nan prizon, epi li kite lòt mesye yo pran manje pou yo ale lakay yo. Men, li di yo konsa : ‘ Lè n ap retounen, se pou nou mennen pi piti frè nou an avèk nou. ’

Lè mesye yo retounen lakay yo Kanaran, yo rakonte papa yo tout sa ki te pase. Sa fè Jakòb lapenn anpil. Li pran rele, li di : ‘ Jozèf pa la ankò, men kounye a, Simeyon pa la ankò. Mwen pap kite nou pran Benjamen, dènye tigason m nan. ’ Men, lè pwovizyon an kòmanse fini, Jakòb oblije kite mesye yo ale ak Benjamen pou yo kapab al chèche manje ankò.

Kounye a, Jozèf wè frè l yo k ap vini. Li kontan wè Benjamen, ti frè l la, anpil. Natirèlman, nanpwen yo youn ki konnen si se Jozèf ki gwo chèf konsa. Kounye a, Jozèf fè yon bagay pou l teste dis frè l yo.

Li fè sèvitè li yo plen sak mesye yo manje. Men, san yo pa kite yo konn sa, li fè yo mete koup ann ajan l lan nan sak Benjamen an. Apre yo tout fin ale, e yo te gentan rive nan yon bon ti distans, Jozèf voye sèvitè l yo dèyè yo. Lè sèvitè Jozèf yo jwenn mesye yo, yo di yo konsa : ‘ Poukisa nou vòlè koup ann ajan mèt nou an ? ’

Tout mesye yo pran reponn : ‘ Nou pa vòlè koup li a. Nan men nenpòt moun nou jwenn li, se pou l mouri. ’

Donk, sèvitè yo pran fouye tout sak yo, tankou jan n ap gade la a. Yo jwenn koup la nan sak Benjamen an. Sèvitè yo di konsa : ‘ Rès mesye yo mèt ale, men, Benjamen dwe vini avèk nou. ’ Ki sa dis frè yo ap fè kounye a ?

Yo tout, yo retounen lakay Jozèf avèk Benjamen. Jozèf di frè l yo konsa : ‘ Nou tout, nou mèt ale lakay nou, men Benjamen dwe ret avè m pou l sèvi m esklav. ’

Kounye a, Jida pran lapawòl, li di konsa : ‘ Si m retounen lakay san tigason an, papa m ap tou mouri paske li renmen l anpil. Tanpri, pran m pito. Fè m tounen esklav. Men li menm, kite l ale. ’

Jozèf wè frè l yo chanje. Li wè yo pa mechan ankò. Annou wè ki sa Jozèf fè apre sa.

Jenèz 42:9-38 ; 43:1-34 ; 44:1-34.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje