BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 47
  • Gen yon vòlè ann Izrayèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gen yon vòlè ann Izrayèl
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 47
Akan kache yon brik lò, kèk pyès ann ajan ak bèl wòb li te vòlè yo nan tant li a.

ISTWA 47

Gen yon vòlè ann Izrayèl

GADE ki samesye sa a ap antere anba tant li a ! L ap sere yon bèl wòb, yon brik lò ak kèk pyès ann ajan. Se nan vil Jeriko li pran yo. Men, èske w sonje sa yo te dwe fè ak bagay ki te nan vil Jeriko yo ?

Yo te sipoze detwi yo, epi yo te dwe pote lò ak ajan yo nan trezò tabènak Jewova a. Men moun sa yo dezobeyi Bondye. Yo vòlè sa ki pou Bondye. Mesye a rele Akàn. Moun ki avèk li yo se fanmi l. Ann al wè sa ki te vin pase.

Lè Akàn te fin vòlè bagay sa yo, Jozye te voye kèk moun al batay ak vil Ayi. Men, yo te pèdi batay la. Genyen ki te mouri e rès sòlda yo te kouri. Sa te fè Jozye mal anpil. Li lage kò l fas atè pou l priye. Li di Jewova konsa : ‘ Poukisa w kite sa rive nou ? ’

Jewova reponn : ‘ Leve atè a ! Izrayèl fè peche. Yo pran ni nan bagay yo ta dwe detwi, ni nan sa yo ta dwe bay pou tabènak Jewova a. Yo vòlè yon bèl wòb, yo sere l. Mwen pap beni nou toutotan nou pa detwi wòb la ansanm ak moun ki fè bagay sa a. ’ Lèfini, Jewova di li pral montre Jozye kiyès ki move moun konsa a.

Sa Jozye fè, li rasanble tout pèp la, epi Jewova fè mete men sou move moun yo rele Akàn nan. Akàn di konsa : ‘ Mwen fè peche. Mwen te wè yon wòb ki bèl anpil, yon brik lò ak kèk pyès ann ajan. Mwen te sitèlman met lide m sou yo, mwen te pran yo. N ap jwenn yo sere anba tè nan tant mwen an ! ’

Yo al chèche yo pote bay Jozye. Lèfini, Jozye di Akàn : ‘ Poukisa w lage nou nan tout pwoblèm sa yo ? Kounye a, Jewova ap lage w nan pwoblèm tou ! ’ Menm kote a, pèp la kalonnen Akàn ak tout fanmi l kout wòch jiskaske yo mouri. Èske sa pa montre nou pa dwe janm pran bagay ki pa pou nou ?

Apre sa, Izrayèl al batay ak Ayi ankò. Fwa sa a, Jewova te avèk yo, yo te genyen batay la.

Jozye 7:1-26 ; 8:1-29.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje