BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 53
  • Yifta fè pwomès

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yifta fè pwomès
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan
    Anseye pitit ou
  • N ap jwenn favè Bondye si nou fidèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Pwomès Jefte te fè a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jefte te yon gason ki kite lespri Bondye gide l
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 53
Pitit fi Yifta a ap jwe tanbouren pandan l ap soti pou l kontre ak papa l.

ISTWA 53

Yifta fè yon pwomès

ÈSKE sa pa janm rive pou w fin fè yon pwomès e apre sa pou w wè jan sa di pou w kenbe mo w ? Se sa ki rive mesye sa a ki nan foto a. Sa fè l tris anpil. Li se yon jij nan peyi Izrayèl ki byen brav. Li rele Yifta.

Yifta t ap viv nan yon epòk kote Izrayelit yo te sispann adore Jewova. Yo te rekòmanse nan fè move bagay. Poutèt sa, Jewova kite pèp Amòn nan fè yo soufri. Lè Izrayelit yo wè sa, yo rele nan pye Jewova, yo di : ‘ Nou rekonèt nou peche devan w, tanpri, vin sove nou ! ’

Pèp la regrèt move bagay yo fè yo. Pou yo demontre sa, yo rekòmanse adore Jewova. Jewova vin pote yo sekou ankò.

Pèp la chwazi Yifta pou konbat move Amonit sa yo. Yifta vle pou Jewova ede l nan batay la. Li fè Jewova yon pwomès, li di l : ‘ Si w ban m laviktwa sou Amonit yo, m ap ba w premye moun, nan moun lakay mwen yo, ki soti vin rankontre m lè m ap retounen an. ’

Yifta tris lè l wè pitit fi l la soti vin kontre l.

Jewova tande pwomès Yifta a, li fè l ranpòte laviktwa. Èske w konnen ki premye moun lakay Yifta ki te vin rankontre l lè l retounen ? Se te pitit fi l la, sèl grenn pitit li a. Lè l wè sa, li tonbe rele, li di : ‘ O ! O ! Pitit fi m nan ! Gade yon lapenn ou ban mwen. Mwen fin fè Jewova yon pwomès, mwen pa kapab fè bak. ’

Lè pitit fi Yifta a aprann pwomès papa l fè a, okòmansman sa te fè l mal tou. Sa vle di fò l kite papa l avèk zanmi l yo pou l al Chilo, pou l al sèvi Jewova nan tabènak la pou tout rès vi l. Li di papa l konsa : ‘ Piske w te fè Jewova yon pwomès, se pou w kenbe mo w ! ’

Pitit fi Yifta a ale Chilo, li pase tout rès vi li ap sèvi Jewova nan tabènak la. Chak ane, timedam Izrayelit yo al pase 4 jou avè l. Yo pase bon moman ansanm. Moun yo renmen pitit fi Yifta a anpil paske se yon bon sèvant Jewova li ye.

Jij 10:6-18 ; 11:1-40.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje