BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 62
  • Fanmi David gen anpil pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fanmi David gen anpil pwoblèm
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Peche wa David te fè a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • 2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 62
Pwofèt Natàn ap pale ak wa David.

ISTWA 62

Fanmi David gen anpil pwoblèm

DEPI lè David kòmanse dirije nan Jerizalèm, Jewova fè lame l la ranpòte anpil viktwa. Jewova te pwomèt l ap bay Izrayelit yo tè Kanaran an. Kounye a, grasa konkou Jewova ba yo, yo pran tout tè Kanaran li te pwomèt yo a.

David se yon bon dirijan. Li renmen Jewova. Se sa k fè, youn nan premye bagay li fè lè l fin pran Jerizalèm, li fè mennen lach alyans lan nan vil la. Li vle bati yon tanp pou l mete lach la.

Lè David kòmanse granmoun, li fè yon gwo peche. David konnen li pa bon pou yon moun pran sa ki pa pou li. Men, yon jou swa, pandan li sou tèt palè a, li voye je l anba a, li wè yon bèl bèl fi. Fi a rele Batcheba. Mari l se yon militè nan lame David la ki rele Ouriya.

David tèlman vle gen Batcheba, li fè mennen l ba li nan palè a. Mari Batcheba pa la, l al nan lagè. Sa k vin pase, David kouche ak Batcheba. Yon ti tan apre, Batcheba wè li ansent. David santi li anbarase anpil ak kesyon an. Sa l fè, li voye di Yowab pou l mete Ouriya devan nan batay la yon fason pou yo tou touye l. Kou Ouriya mouri, David marye avèk Batcheba.

Jewova fache anpil ak David. Li voye yon sèvitè l ki rele Natàn al pale avèk David sou peche l fè a. Ou ka wè Natàn la a k ap pale ak David. David regrèt sa l fè a anpil, se sa k fè Jewova pa fè l mouri. Men, Jewova di l : ‘ Paske ou fè kalite vye zak sa a, ou pral gen anpil pwoblèm nan fanmi w. ’ Se pa ti traka David pa jwenn !

Toudabò, pitit Batcheba a mouri. Lèfini, Amnòn, premye pitit David la, fè Tama vin jwenn li poukont li, li fòse l kouche avè l. Absalòm, yon lòt pitit David, tèlman move pou sa ki rive a, li touye Amnòn. Apre sa, Absalòm rive fè yon bon valè nan pèp la pran pou li, epi li pwoklame tèt li wa. Finalman, vin gen yon batay ant David ak Absalòm, David genyen batay la. Absalòm li menm, li mouri. Vrèmanvre, David jwenn anpil traka.

Nan mitan tout bagay sa yo, Batcheba fè yon tigason, yo rele l Salomon. Lè David vin malad nan vyeyès li, yon pitit gason l ki rele Adoniya eseye pwoklame tèt li wa. Lè David wè sa, li fè yon prèt ki rele Sadòk vide luil sou tèt Salomon pou montre se Salomon k ap vin wa. Yon tikras tan apre, David vin mouri. Li te gen 70 an lè l mouri. Li te fè 40 an ap gouvène. Men, kounye a, se Salomon ki vin wa ann Izrayèl.

2 Samyèl 11:1-27 ; 12:1-18 ; 1 Wa 1:1-48.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje