BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 64
  • Salomon bati tanp lan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Salomon bati tanp lan
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon tanp pou Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Salomon, yon wa ki gen sajès
    Liv istwa biblik mwen an
  • Se pou nou apresye Jezi ki Gran David la e Gran Salomon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 64
Nan nouvo tanp lan, Salomon priye Jewova Dye.

ISTWA 64

Salomon bati tanp lan

BONDYE te bay David plan tanp lan. Anvan David mouri, li te pase plan sa yo bay Salomon. Salomon kòmanse bati tanp lan nan katriyèm ane li sou pouvwa a. Li pran setan edmi pou l fini l. Gen plizyè dizèn milye travayè k ap travay nan konstriksyon tanp lan. Sa koute yon pakèt pakèt lajan. Rezon an, se paske yo sèvi ak anpil lò e ak anpil ajan.

Tanp lan gen de chanm prensipal ladan l, menm jan ak tabènak la. Men, chanm sa yo de fwa pi gwo pase chanm tabènak yo. Salomon fè mete lach alyans lan nan chanm ki pi anndan an. Yo mete lòt bagay ki te nan tabènak la nan lòt chanm nan.

Lè yo fin bati tanp lan, yo fè yon gwo fèt. Salomon met ajenou devan tanp lan pou l lapriyè, tankou jan ou wè l nan foto a. Li di Jewova konsa : ‘ Ata syèl ki syèl pa gwo ase pou kenbe w, alewè pou tanp sa a. O Bondye mwen an, tanpri, tande pèp ou a, lè l ap lapriyè nan direksyon tanp sa a. ’

Kou Salomon fin lapriyè, dife sot nan syèl la al kankannen bèt yo bay kòm sakrifis yo. Gen yon gwo limyè Jewova voye ki anvayi tanp lan. Sa montre Jewova ap tande, sa montre tou konstriksyon tanp lan ak lapriyè Salomon fè a fè kè l kontan. Kounye a, se pa ak tabènak la pèp la ap sèvi pou l adore Jewova, se ak tanp lan.

Salomon, ki fin granmoun, ansanm ak youn nan madanm li yo k ap adore yon zidòl.

Salomon fè yon pakèt tan ap gouvène avèk sajès. Sa fè pèp la viv alèz. Men, Salomon te marye avèk anpil fi ki soti nan lòt peyi e ki pa t ap adore Jewova. Èske w wè youn ladan yo k ap adore yon idòl ? Finalman, madanm Salomon yo fè li adore lòt dye tou. Èske w konnen sa k vin rive lè Salomon aji konsa ? Li pa byen sèvi ak pèp la ankò. Misye vin san pitye e pèp la pa viv nan kè kontan ankò.

Sa fè Jewova fache anpil. Li di Salomon konsa : ‘ M ap pran wayòm nan nan men w bay yon lòt moun. Mwen pap fè sa pandan w vivan. M ap fè sa pandan pitit ou a ap gouvène. Men, se pa tout pèp ki nan wayòm nan m ap retire nan men l. ’ Ann wè ki jan sa te pase.

1 Kwonik 28:9-21 ; 29:1-9 ; 1 Wa 5:1-18 ; 2 Kwonik 6:12-42 ; 7:1-5 ; 1 Wa 11:9-13.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje