BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 65
  • Wayòm nan divize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Wayòm nan divize
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon wayòm ki divize
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Li te kapab gen favè Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 65
Pwofèt Ayiya k ap chire rad sou li pandan l ap pale ak Yawobam.

ISTWA 65

Wayòm nan divize

MESYE sa a ap dechire manto l la an plizyè moso. Ou konn poukisa ? Se Jewova ki di l fè sa. Mesye sa a, se yon pwofèt Bondye ki rele Ayiya. Èske w konnen ki sayon pwofèt ye ? Se yon moun Bondye di yon bagay ki gen pou fèt anvan menm bagay la fèt.

Ayiya ap pale ak Yawobam. Yawobam se yon moun Salomon te bay responsab yon pati nan travay konstriksyon li t ap fè a. Lè Ayiya rankontre Yawobam sou wout la, li fè yon bagay dwòl devan l. Li pran yon manto nèf li te gen sou li, li chire l an 12 moso. Li di Yawobam konsa : ‘ Pran dis moso pou ou. ’ Èske w konnen poukisa Ayiya bay Yawobam dis moso rad yo ?

Ayiya fè konnen Jewova ap retire wayòm nan nan men Salomon. Li di l Jewova ap ba l dis tribi. Sa vle di se de tribi sèlman k ap rete pou Reyabam, pitit Salomon an, dirije.

Lè Salomon aprann sa Ayiya di Yawobam, li move nèt. Li al dèyè touye Yawobam. Men, Yawobam kouri al kache ann Ejip. Apre yon ti tan, Salomon vin mouri. Li te fè 40 an kòm wa. Men, kounye a, se Reyabam, yon pitit gason l, ki wa. Etan Yawobam ann Ejip, li aprann Salomon mouri. Li retounen ann Izrayèl.

Reyabam pa yon bon wa. Li aji pi mal ak pèp la pase papa l, Salomon. Yawobam avèk kèk lòt notab al kote wa Reyabam, yo mande l pou l pa aji mal ak pèp la konsa. Men, Reyabam pa koute yo, li aji pi mal toujou avèk pèp la. Sa pèp la fè, li mete Yawobam wa sou dis tribi. Men, de nan tribi yo, anpalan de tribi Benjamen ak tribi Jida, kenbe Reyabam kòm wa sou tèt yo.

Yawobam pa vle pou pèp la al adore Jewova nan tanp Jerizalèm nan. Sa l fè, li fè de ti bèf annò pou pèp ki nan dis tribi a adore. Sa pa pran anpil tan pou peyi a chaje ak vyolans ak lòt move zak.

De lòt tribi yo tonbe nan pwoblèm tou. Reyabam pa ko menm gen senk ane depi li wa, wa Ejip la vin fè lagè ak Jerizalèm. Li pran anpil bagay nan trezò tanp Jewova a. Konsa, se pou yon tikras tan sèlman tanp lan te rete nan menm eta li te ye okòmansman an.

1 Wa 11:26-43 ; 12:1-33 ; 14:21-31.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje