BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 66
  • Jezabèl, yon move rèn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezabèl, yon move rèn
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yo pini yon rèn ki mechan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Kounye a se moman pou nou aji avèk detèminasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Li te andire devan enjistis
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske w wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 66
Mesye yo nan palè a ki pral lage rèn Jezabèl anba nan fenèt la.

ISTWA 66

Jezabèl, yon move rèn

APRE lanmò wa Yawobam, chak wa ki vin gouvène sou wayòm dis tribi Nò Izrayèl la se move wa yo ye. Men, wa Ahab pi mal pase yo tout. Èske w konn sa k fè sa ? Youn nan gwo rezon ki fè sa, se paske madanm li, anpalan de Jezabèl, se yon move rèn.

Jezabèl pa Izrayelit. Li se pitit wa peyi Sidon. Li adore yon fo dye ki rele Bàl. Epitou, li rive fè wa Ahab ak anpil Izrayelit adore Bàl tou. Jezabèl rayi Jewova, li touye anpil nan pwofèt Jewova yo. Genyen ki oblije al kache nan gwòt dekwa pou yo pa touye yo. Depi Jezabèl vle yon bagay, l ap jwenn li kanmenm menmsi se moun li touye pou sa.

Yon jou, wa Ahab rete byen tris. Jezabèl mande l : ‘ Sa k fè w tris konsa jodi a ? ’

Ahab reponn : ‘ Se poutèt sa Nabòt di m nan. Mwen vle achte jaden rezen l lan, men li di m mwen pap kapab achte l. ’

Jezabèl di konsa : ‘ Pa fatige w. M ap fè w jwenn jaden rezen an. ’

Sa Jezabèl fè, li ekri kèk notab nan vil kote Nabòt rete a. Li di yo : ‘ Fè detwa vagabon di yo te jwenn Nabòt ap modi ni Bondye ni wa a. Lèfini, trennen Nabòt deyò vil la, lapide l jiskaske l mouri. ’

Kou Jezabèl aprann Nabòt mouri, li di Ahab konsa : ‘ Kounye a, ou mèt al pran jaden rezen an. ’ Fò Jezabèl peye kalite move zak sa a li fè a, ou pa dakò ?

Rive yon lè, Jewova voye Yewou al pini manmzèl. Lè Jezabèl tande Yewou ap vini, li makiye je l, li ranje kò l yon jan pou l parèt bèl. Men, lè Yewou rive, li wè Jezabèl kanpe nan fenèt la, li rele mesye ki nan palè yo, li di yo konsa : ‘ Lage manmzèl anba ! ’ Mesye yo fè sa Yewou di yo a, tankou jan w wè sa nan foto a : yo lage l anba e li mouri. Se konsa move rèn ki rele Jezabèl la fini.

1 Wa 16:29-33 ; 18:1-4 ; 21:1-16 ; 2 Wa 9:30-37.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje